Se nan bouske nouvo tit m al tonbe sou kont Youtube « Jay T Dzine Official ». Mwen tonbe sou yon tit ki rele « Mwen bouke. » Mwen frennen sèk. Mwen pran san m pou m koute mizik la.
San pase nan chimen dekoupe, se yonn nan pi bèl mizik mwen tande nan kòmansman mwa oktòb 2024 la.
Mwen envite nou fè vwayaj sa avè m nan mizik sa.
« Mwen bouke » se kri yon atis ki fatige pran pataswèl nan yon relasyon ki fè nofraj. Yon relasyon lanm lanmè ap pote ale. Yon relasyon ki deraye. « Mwen bouke », se rèl yon jenn gason yon fanm fè ap mache ap pale ak fèy bwa. Jennonm nan sanble te san lè bliye wout kay li. Ou pa ta di mouche ap monte lesyèl pa do. Sa lakòz se nan boutèy klere l ap chache neye doulè l.
Kòm mizik la soti ak tout videyo li, sa pèmèt mwen rive pi byen konprann kalite brimad Jay T ap pran anba men yon fanm, vizibleman, san sansiblite, san ti kras pitye pou yon nonm ki te fè anpil sakrifis pou li. Mete sou sa, nostalji anvayi atis la lè li sonje kijan lanmou sa te kòmanse: « Mwen sonje lè n te fenk renmen, pa t gen zen, pa t gen plenyen. Nou te konn viv an amoni ». Jay ap poze kesyon pou konnen poukisa lanmou sa pèdi ray jodi a? Kote nonm ak bab sa soti li vin foure pye l nan tchaka? Poukisa tou fi a pa kyè nan poze tout vye aksyon sou plas piblik? Men Jay plonje nan reyalite a. Se pa rimè. « Kounyea plezi w se fè tout sa k ap fè mwen mal. M an danje. » Li gen prèv ak de nawè l. Li konnen l ap ranmase bon jan zoklo nan men vagabon nan lari a.
Zèv sa sila dwe fè chimen l. Se yon konpozisyon ki tradwi reyalite yon bann moun ap viv. Malerezman, tout pa ka esprime yo tankou Jay ki se atis.
« Mwen bouke », se yon gwo kabare k ap ranmase kriye, plenyen, soufrans, regrè, degou, mefyans ak lapèn yon jenn gason ki pa konnen kote li gad, li pa konnen ki sen pou l rele. « Mwen bouke » se istwa Yon lanmou mode lage. Yon lanmou men je m men je w. Yon lanmou santiman pa okouran de egzistans li. Sepandan, li parèt klè, malgre tout souflèt marasa Jay T ap pran, sa pa anpeche li toujou renmen gengenn nan. Sa parèt vizib. Lanmou gen pati sa ladan li tou. Gen chay ou pa ka pote, ou oblije trennen l. Menm si w pral oblije woule l nan falèz pi devan.
Sepandan, gen kèk de je kontre manti kaba ou pran ladan, ou oblije souke kò w. Ofinal, Jay T rive jwenn chans al site sou moun li te fè anpil konfyans lan nan yon restoran ap byen pase ak yon nonm ak bab ki foure pye nan tchaka Jay. Atis la manke fè kè. Li rale bak tankou kribich. Li pa vle kwè sa l wè a. Malgre Jay sone telefòn madanm li, madanm Jay inyore apèl la. Se lòv k ap tonbe nan restoran ak nèg ak bab la. Men kòm pa gen lapriyè san sekou, nan kèk tan, lanati pral voye yon vye pwochen sou wout Jay pou ede l pyese yon kè ki chire an miyèt moso. Kounyea, sèl sa nou swete, se pou atis la jwenn bonè l pou l pa reviv lanfè li sot konnen an.
Men lyen pou viv bèl mizik sa « Mwen bouke »: https://youtu.be/HLCIVE2KI88?si=wopji8s_1eLamXox
Iléus PAPILLON
paplus12@gmail.com

