Pwezi se sipriz, kousiprann… Yon fòm pawòl nèf ki fè reve, sipoze, vwayaje. E se sa Christian Clerjeune pote ban nou nan tèks sa a li titre « Verite ». Nan yon langaj senp, kaptivan e sitou evokatè, atis la pran Carmen kòm pretèks pou li envite nou nan inivè li, plonje nou nan filozofi li kote « lavi pa konplike vre poutan l chaje senp ». Kòm chantè ki deja soti plizyè tit tankou « Dous pou dous », « Nou lock », Christian raple n pwezi ak mizik kapab mache men nan men, bradsou bradsa…
Nan non papa a
Pitit epi manman an
Yo di amèn
M pa kwè anwo
M pa kwè anba
Depi m kwaze Carmen
Li leve rad li
Li montre m badji l
Se andedan li gen pi gwo maji
Nan mitan tanp li ki pote lavi
Epi li gade mwen li souri
Epi li di mwen
Gen verite k pa dwat
Gen pawòl dwategoch
Mete lang ou nan bwat sispann tire wòch
Lavi pa konplike vre poutan l chaje senp
Se ou ki konplike l vre tout bagay yo senp
Pretèks lesyèl,
lanfè epi peche
Gad on mizè
Yon fanm se myèl
Siwo ! dousè !
Se sa ki fè m tizè
Li leve pye li
M vle suiv chimen li
Se sèl sou wout li
Mwen kapab grandi
Nan fon basen li
Konesans jayi
Epi li gade mwen li souri
Epi li di mwen
Gen verite k pa dwat gen pawòl dwategoch
Mete lang ou nan bwat sispann tire wòch
Lavi pa konplike vre
Lanati toutouni
Ti ason rense Je w vre
Lanati toutouni

