Disparisyon Pierre Michel Chéry (Pimich) se vrèman yon gwo pèt pou peyi sa a ki rete k ap gade demen k ap limen tenyen, lavi nou k ap fè lakilbit mòtèl ak lonbray. M pa konnen anpil ekriven ayisyen ki rive devlope yon konsyans lenguistik ak yon konsyans idantitè nan dimansyon Pierre Michel Chéry te rive fè sa, ni nan pwodiksyon l, ni nan pozisyon l alafwa kòm entèlèktyèl, kòm moun oubyen militan pwogresis.
Toudabò, Pimich te kwè ekri an kreyòl se pa t jis ekri nan yon lang, men se sitou ekri pou moun ki pale lang lan. Se sitou chwazi pote kontribisyon pa l nan konstriksyon memwa literè yon lang ki sibi istorikman anpil diskriminasyon ak prejije, menm jan ak pèp ki pale l yo. Li te jwenn yon fòmil kote li te rive amonize, tankou li menm sèl, diskou li ak aksyon li pou li te modèl moun nou tout te konnen an, nou tout te renmen an. Lavi, zèv ak angajman Pimich gen anpil pou aprann nouvèl jenerasyon ekriven ak powèt ayisyen yo.
Pierre Michel Chéry se te yon modèl pou mwen alafwa kòm powèt, konferansye ak pwomotè literati kreyòl. Se te yon zanmi m te konn konsilte pou tout rezon : lè m bezwen yon presizyon, yon enfòmasyon, yon detay sou istwa literè lang manman nou… ; lè m bezwen yon konsèy sou yon bagay kèlkonk ; lè yon nouvèl lide osnon yon nouvo pwojè ap jwe nan tèt mwen… M sonje jan li te kontan epi anbrase lide kreyasyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la lè n t apwal lanse premye edisyon evènman an nan mwa desanm 2019.
Avèk disparisyon akademisyen Pierre Michel Chéry, lang kreyòl pèdi yonn nan pi bèl plim ki t ap byen nouri literati l. Batay pou respè dwa lenguistik pèp ayisyen an pran yon gwo kou. Yon kout wòch sanzatann. Kreyolofoni an pèdi yon gwo bra. Yon bra ra. Kòm ekriven otantik, Pimich te konprann ekri an kreyòl nan yon sosyete kreyolofòn se yon siy respè pou pèp sa a ki bezwen plis rezon toujou pou li kontinye fyè ak renmen peyi l, malgre peripesi kalamite kolon lakay kou kolon etranje tann sou wout la… Li te chwazi ekri an kreyòl sèlman.
Mwen te gen onè pataje plizyè panèl ak Pierre Michel Chéry, yonn nan womansye ki pi pwolifik literati kreyòl la donnen. An 2017, nou te Miyami, sou menm tab pou n te pale sou evolisyon literati kreyòl ayisyen an nan kad Little Haïti Book Festival ki se yon aktivite Sosyete Koukouy Inc. an patenarya ak Miami Book Fair / Miami Dade College). An 2016, yo te envite nou kòm entèvenan nan Festival international Etonnants Voyageurs, kote se pwodiksyon literè kreyòl ki te nan mitan echanj nou yo. Anpil fwa, menm si mwen ak Pierre Michel Chéry pataje menm panèl, nan lespri pa m se Pierre Michel Chéry m vin tande. Se te idòl mwen ki te vin tounen zanmi m, konsiltan m, bibliyotèk anbilan m. Pimich, te gen yon fòs konviksyon ki pa t kite pèsonn entak lè l ap pale de lang ak literati kreyòl. Se yon moun ki pale fran. Ki te konprann egalman sa pa sifi pou yon ekriven ayisyen nan tranp li kontante l sèlman nan pwodui an kreyòl, men dwe defann lang lan tou. « Moun pi enpòtan pase lang » se yonn nan verite mwen aprann ak konprann anba bouch Pierre Michel Chéry. Valorize kreyòl se valorize moun ki pale kreyòl. Inyore kreyòl se inyore moun ki pale kreyòl. E verite sa a valab ni pou yon moun k ap pale ni pou yon moun k ap ekri.
Peyi Ayiti te gen chans genyen yon nonm tankou Pierre Michel ki te fè chwa anrichi memwa literè lang matènèl nou. Se te yon ekriven konsyan. Yon nonm vètikal. Yon Ayisyen konsekan ki renmen lang ak kilti peyi l jouk nan liv li ekri. Plas li chwazi bay kesyon idantite a nan woman «Bèbè Gòlgota» pa inosan.
An desandan venerab, an nèg fondamantal, an Eritye Vilokan, jodi a panama ou tonbe Pimich! Nou dèyè, n ap ranmase li pou ou !
Pierre Michel Chéry fèt Miragwàn 18 mas 1956. Li kite nou samdi 25 mai 2024 nan Kapital peyi a, Pòtoprens. Enfòmatisyen, ekriven, kritik literè, li te manm Akademi Kreyòl Ayisyen.
Anivince Anervé Jean Baptiste