16 juin 2024
REPT voye jete konsèpsyon ak pratik bat timoun nan lekòl yo ann Ayiti
Actualités Annonces Société

REPT voye jete konsèpsyon ak pratik bat timoun nan lekòl yo ann Ayiti

jan sa fèt nan Sen-Mak ak nan Fò Libète

Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun (REPT) endiye devan imaj chokan nan yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo kote yo rive idantifye Clément Geffrard Lanier, direktè administratif lekòl Georges Sylvain ki nan Fresino, nan vil Sen-Mak k ap maspinen yon elèv tifi nan Nouvo Segondè 2 (NS2) nan dat 20 me 2024. 

Daprè sa elèv la rapòte, direktè a ta mande l sòti kite klas la, li pa dakò epi Direktė a deside ba l kalòt, ba li kou epi trennen l atè. Li kraze telefòn li. 

REPT remake ka vyolans yo pa sispann miltipliye nan lekòl yo, tankou dènye zak vyolans grav direktè lekòl nasyonal Béthel Béthesda, Anebert Joseph te fè sou yon lot elèv tifi anndan lekòl la nan dat 22 avril 2024 la nan Fò Libète.

REPT kondane konpòtman brital sila yo. 

REPT ap fè sonje pinisyon tankou baton, fwèt, kout pwen, kalot kout pye, maspinay, yo illegal. Yo fè mal epi yo konn rann timoun yo andikape. Lwa ayisyen 10 septanm 2001 an entèdi pinisyon sa yo. Pinisyon sa yo gen konsekans fizik ak sikolojik grav sou timoun yo, epi yo fè vyolans ak mank respè pou moun ogmante nan peyi a.

Deklarasyon inivèsèl dwa moun yo di chak moun gen dwa pou yo respekte kò li ak entegrite fizik li. Sa vle di pèsonn pa gen dwa frape yon lòt moun, menm si se timoun nan lekòl yo.

REPT pran nòt Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) pran desizyon pou sispann pèmi pou Dirije, Clément Geffrard Lanier, ki se direktè administratif, ansanm ak Félix Estimé ki se prensipal direktè lekòl la, jan sa te fèt nan Nodès.

Lalwa dwe aplike kont zak maspinay sa yo. REPT ankouraje dyalòg ak disiplín pozitif ak medyasyon nan plas vyolans kont elėv nan lekòl.

Respè pou diyite tout moun endispansab pou konstwi yon sosyete ki gen lapè ak jistis.

Ministè edikasyon nasyonal dwe pran bon jan dispozisyon pou frennen pratik brital sa yo nan lekòl yo epi pou l ankouraje konpòtman ki chita sou respė. Entèdiksyon vyolans sou timoun nan lekòl yo se prensip fondamantal pou garanti dwa pou edikasyon ak byennèt timoun yo an Ayiti.

REPT mande tout pèsonèl lekol yo pou yo pwoteje timoun yo, respekte yo epi favorize devlopman yo nan tout sikonstans selon konstitisyon peyi a.

REPT ap kontinye fè pwomosyon pou prevansyon kont vyolans nan lekol, kont vyolans sou tifi, kont vyolans sou elev sou baz seks yo. REPT a kontinye tou fe pwomosyon pou konpotman ki pa vyolan nan lekol, pou relasyon san fòs kote nan lekol yo, jan li koumanse fè sa nan komin Plezans nan Nò ak Sen-Michèl Latalay nan Latibonit depi 2021.

Non kont vyolans sou tifi !

Non kont vyolans sou elèv !

William Thelusmond

Direkte Egzekitf

REPT

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.