Biwo Swivi AKò Montana (BSA) denonse kout mal taye banda ke 4 sektè ekstrèm dwategòch ap fè nan didan Konsèy la (CPT)

0
106

Violation des accords : La coalition de quatre secteurs ébranle l’équilibre politique, dénonce BSA.

Pitit Dessalin ke Tèt Kale enkli Claude Joseph te konn bay gaz lakrimojèn antann yo jodi-a pou al bay moun akò Kasasyon gaz lakrimojèn trè byento ! Eske yap kenbe Frantz Elbe sou moun toujou aprè gwo eskonbrit kraze prizon an ?

Le Bureau de Suivi des Accords de Montana (BSA) dénonce les agissements d’une coalition de quatre secteurs au sein du Conseil Présidentiel, conspirant, selon lui, contre la population pendant la nuit du lundi au mardi 30 avril 2024.

Les quatre secteurs, dont le Collectif du 30 janvier, EDE/RED/Konpwomi Istorik (coalition d’intérêts politiques de droite et d’extrême droite), Pitit Desalin (extrême gauche) et l’Accord du 21 décembre (Tèt Kale meli melo dwat egòch), ont décidé de violer les accords politiques du 3 avril, ainsi que tous les projets de décrets concernant la création, l’organisation et le fonctionnement du Conseil, en nommant un coordinateur, un Premier ministre et tous les gouvernements, sans respecter les mécanismes participatifs préalablement convenus.

Cette coalition, dénonce BSA, s’engage dans une politique sans éthique, trahissant ouvertement leurs engagements publics dans l’accord du 3 avril. Les forces politiques et économiques corrompues ont décidé de prendre le contrôle du Conseil Présidentiel et du gouvernement pour maintenir leur emprise sur l’État, dans le but de préserver leurs privilèges et leurs avantages dans les affaires politiques et économiques traditionnelles, perpétuant ainsi la crise actuelle.

Le BSA, en invitant les acteurs déviants à se rétracter et en s’engageant à prendre des décisions dans l’intérêt du pays, garantit à la population qu’il ne servira pas les projets mafieux qui ont corrompu les secteurs économiques et politiques du pays. Le BSA reste déterminé à trouver une solution consensuelle à la crise, mais ne tolérera aucun acte de banditisme. L’intelligence politique, l’organisation, la résistance et la mobilisation sont les éclairages qui guideront le chemin vers la victoire du peuple.

NÒT PIBLIK SOU SA KI PASE NAN KONSÈY PREZIDANSYÈL JODI A

Biwo Swivi AKò Montana (BSA) a denonse kont maltaye yon kowalisyon 4 sektè anndan Konsèy Prezidansyèl la konplote sou do popilasyon an nan mitan lannwit lendi pou rive madi 30 avril 2024 la.

4 sektè sa yo : Kolektif 30 janvye, EDE/RED/ Konpwomi Istorik, Pitit Desalin ak Akò 21 desanm deside vyole Akò politik 3 avril yo te siyen an ak tout pwojè dekrè sou kreyasyon, òganizasyon ak fonksyònman Konsèy la, lè yon nonmen pou kont yo, san chèche konsansis ki se premye demach ki dwe fèt la, san aksepte prensip vòt, kidonk san eleksyon, yo nonmen yon kowòdonatè Konsèy la, yon Premye minis ak tout gouvènman yo, san respekte mekanis patisipatif yo te siyen an.

Kowalisyon 4 sektè sa yo enskri tèt yo nan menm demach vyolasyon akò ki kontinye ap fè politik san etik, nan trayizon angajman yo pran piblikman nan Akò 3 avril la. Fòs mafya politik ak ekonomik yo deside fòk yo pran kontwòl Konsèy Prezidansyèl la ak gouvènman pou yo ka kontinye kontwole Leta peze souse a, tou sa nan bi pou mafreze pouvwa tranzisyon an epi fè l tounen yon pataj gato ak privilèj nan pwofi klan politik ak ekonomik tradisyonèl ki trennen peyi a nan kawo li ye jounen jodi a.

Akò Montana a, pandan l ap envite aktè ki pran move wout la resezi yo, antre nan konsètasyon pou l pran tèt frèt desizyon ki nań enterè peyi a. Akò Montana a bay popilasyon ayisèn nan garanti li p ap sèvi kosyon pou pwojè mafya nan sektè ekonomik ak politik ki mete l kote l ye jodi a e ki vle kontinye kenbe privilèj nan Leta a, kontinye move trafik, koripsyon, kontreband, antre bato nan pwovens pou pa peye taks. N ap fè tout moun sonje se pratik koripsyon ak enpinite nan sistèm lan ki anjandre ensekirite a e pèmet li rive nan nivo envivab n ap sibi jodi a.

Akò Montana pa nan pike devan. Men Akò Montana p ap fè bak nan batay li pou sòti peyi a nan kawo.

Byen vit l ap enfòme popilasyon an sou desizyon ki sòti apre konsètasyon yo. Montana rete angaje pou jwenn yon solisyon konsansyèl nan kriz k ap boulvèse peyi a. Men li pap kosyone okenn brigandaj.

Entèlijans politik, òganizasyon, rezistans, mobilizasyon se limyè kap klere chimen viktwa pèp la!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.