Yon Konkou sèvolan

0
156

Pou pitit gason m J.T. Cédric Jean-Simon

Okoto se yon vil ki chita bò lanmè 

pafwa ou ta menm di 

ki chita nan lanmè menm

telman vag yo depi l fèt ap benyen pye l 

tankou yon rèn, 

fè yon kouwòn dajan 

ak vag ble kou digo. 

Nan do l, te mare plizyè ti mòn an fòm eskalye 

sa te pèmèt kèk moun – ki li nan lèt fen – rive di 

mach eskalye sa a ta sanble moute 

jouk nan nyaj, jouk nan syèl. 

Kèk ravin te senyen kò vil la pa ba. Imaj malouk sa a ka ede n wè listwa bouk la pat depaman sou gran fòma ak listwa peyi Dayiti. Listwa pwebwa peyi Dayiti ki pral Pòtoprens nan sak, yon koze tris ki chita anba je tout moun san leta pa di anyen. 

Okoto se yon vilaj ki pran pa l tou nan men gwo van, ak gwo siklòn tankou anpil lòt. Azèl te mare machwè sou li an 54. Flora te bwote rèv tout moun ale an 1963. Pa lwen mouche Jòj an 98 te menm fè l konn Jòj, jan lòt la te di. Pou di byen, listwa bouk Koto ta sanble mare menm ak listwa siklòn.

Okoto se vilaj Manman Lavyèj, depi kèk tan, te deside fè tounen repozwa l, 

nan Sid peyi a. 

Yo di se la rèv li t’al bout avè l, 

aprè li te fin mache, 

galere, 

bouke kraze talon l’ nan lari tout vil, 

ak ti bouk ansyen Pèl Dèzantiy an.

 Pou rive jwenn manzè Lavyèj, yo di li te fè tout fouyapòt monte dèyè l yon digdal mach. Sitou mòn ki mare nan do Okoto te tankou mach eskalye, 

 ou ta di lè w ap monte lari 

 mach pa mach 

 bò Lameri ak Manwa Aleksandra 

 nan vil Jakmèl.

Okoto se vil lakòt jan moun Okay difon toujou di l. Li se kouzen ak Pò Sali, ak Lèzangle. Frè menm papa ak Chadonyè ak Tibiwon.

 Okoto vil bò lakòt, tankou on bann pa pakèt vil zile Kiskeya ki tann filè rèv yo bò lanmè, se menm vil pwason. Ou ta di lòt bò sa a, sèl rèv moun sa yo fè se rèv pwason, sèl vyann moun Okoto manje se vyann pwason.

Bò kote tout listwa ki makonnen kòd trip nou nan bouk la, listwa a sèvolan nan laj bout kanson m, se te sèl souvni ki pa rive sòti nan lespri m. 

Lò sa nou te mare bwa kap nou bò lanmè. Tann van an vin bwote l e kouri avè l. Anba nyaj. 

Se te nan tan defen Bòs Òfal. Yon bòs ki te konn fè mèb: lamwa, lofis, tichèy, fotèy pou tout lakòt Sid.

Jou k’ te pibèl la se te lendi kite vin avan semèn sent lan, avan vandredi sen. Tout lekòl te gentan fèmen pòt. Se jou timoun nan tout kwen vilaj la te abiye rèv yo nan papye fen ak lanmidon. Fè zèl sèvolan yo danse nan van. Se jou sèvolan te desinen lakansyèl nan souri tout timoun. 

Dimanch, avan jou konkou an, jounen an te pote yon bèl lapli. Yon ti lapli rechiya. Syèl te poudre ak yon dal nyaj gri koulè sann. Sa te fè jounen an ak on pòy fredi te sanble akokiye l’ nan kwen pou kò l. Aprè midi te monte san di pèsonn. Jouk piti piti lannwit te apiye. 

Lendi, jou konkou sèvolan yo, te louvri anba yon bèl solèy dèyè mòn lan. Lanmè a te mete pi bèl wòb ble l’ la. Vag yo te bwode l ak dantèl blan. Yon ti van dous t’ap grandi firamezi nan pye kokoye bò rivaj la. Yon lòt bò, pechè yo tap rale filè yo te tann depi douvanjou nan vant lanmè. Kèk machann ganmèl kouche douvan pye t’ap separe pawòl sou lavant jou an. Gen lòt te di Agwe fache ane sa ak moun lakòt. Gen lòt sezon, rekòt lanmè te konn pi bon. Se konsa van t’ap pot pawòl ale tounen.

Timoun yo te deplontonnen sòti nan tout kwen vilaj la. Gen sa k’ te sot bò pye Simityè, bò plas piblik, ak bò legliz la. Lòt te deboukle sot sou Gran ri, bò mache kominal la, anba pye sapoti. 

Se yon lakansyèl tilèzanj ki te bay randevou bò rivaj la pou jwe ak van. Te gen Moyiz, ti jwèt non l te Mòy, Frannso, Yawèl, Padiplis, frè Ti Pòl la. Ak anpil lòt ankò. Beyatris, Lòlòt, Jitàn se te kèk ti jèn fi ki tap swiv bèl konkou sèvolan an.

Dizè se dis kout klochye pawas la te sonnen pou louvri jounen an. Bò lanmè a, se te kè kontan. Wowo, Frannso, Yawèl, Ti Pòl, Mòy se non sa a ki te kenbe pou demare  konkou an. Yon sizyèm moun se te Ti Towo. Ti Towo se te yon ti jenonm ki te sot Pòtoprens. Chak dat vakans, li te konn vin fè vakans ak grann li Sò Tiza, yon ansyen madansara. 

Ti Towo se jwèt non nan Pòtoprens yo te ba li nan konkou sèvolan nan vil sa. Kidonk non vanyan li. Men non k’ te siyen nan batistè l se Gustavo. Gen sak’ di Gustavo, padon Ti Towo te toujou chanpyon. 

Se konsa nan bouch tout moun nouvèl la ateri. Gen sa ki te gentan wè Ti Towo gentan chanpyon davans. 

Anba syèl la, solèy te tankou yon bèl zoranj mi sou zepòl ki tap mande pla men  vin keyi l. Sèvolan yo te deploye zèl yo nan van. Premye a se sèvolan an ki te fèt fòm bwat la. Aprè se kap twa bwa a, sèvolan fòm zetwal lan, kap senk bwa a, pou rive sou gwo grandou Ti Towo a. 

Yon lakansyèl koulè t’ap fè djòlè nan van lò youn aprè lòt twa sèvolan te gentan al pann tèt yo nan lanmè. Ti Towo, an bon maton, t’ap file zepon l pou l kontinye konba a. 

Sèvolan ki rete yo te kontinye jwe nan van an, kadanse, monte jouk nan nyaj bay lanmè defi. Non bat je, te vin ret de sèl sèvolan. Pa a Ti Towo ak pa Mòy la. Youn pat vle bay lòt legen. Konsa nan yon denyè mouvman sèvolan Ti Towo a ak yon mòso razwa nan ke l’ te razonnen sèvolan Mòy la. Papyefen koulè t’ap vole kouri nan van.  Chanpyon Pòtoprens lan te gen wè laviktwa nan linèt gwo loup lè l te gade sèvolan Mòy la t’ap vale van. Yon souri wouj tap koule sou po bouch Ti Towo. 

Pla men t’ap klewonnen viktwa. Po bouch te prèske tounen souflèt pou simaye bravo ak aklamasyon. Se te san konte ak branch bwa sou rivaj la. Viktwa a te prèske nan pòch  tijènnonm Sò Tiza a lè nan yon jès pèsonn pat’ wè sèvolan l’an t’al ateri nan yon pikèt branch pye mango. Ti Towo, dlo nan je, t’ap gade Grandou li …a.

Mòy te gen konkou sèvolan an nan vilaj la. 

                                                   James Stanley Jean-Simon

6 oktòb 2015, Tigwav.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.