Le Groupe d’Action Diaspora (GAD) et le Mouvement Unifié des Haïtiens Vivant en Haïti et à l’Étranger (MOUHVHE) invitent la communauté haïtienne de la diaspora à San Juan, Porto Rico, à se mobiliser contre la présence de l’ancien Premier Ministre de facto Ariel Henry et son gouvernement.
Ils demandent que « M. Henry ne soit pas autorisé à dormir en paix et qu’ils protestent vigoureusement contre son administration criminelle et corrompue ».
Les manifestants doivent exiger la libération des prisonniers politiques et la fin de la répression orchestrée par le gouvernement Tèt Kale et ses bandes criminelles armées. « De nombreux citoyens fuient le pays pour échapper aux persécutions et se réfugient en Europe, en Afrique et en Amérique ».
Ils appellent à l’unité et à la vigilance pour défendre la liberté et la dignité du peuple haïtien. L’activiste politique Edwin D’HAÏTI préconise une révolution pour une Haïti libre et prospère, invitant à l’organisation et à la résistance contre le gouvernement actuel.
Nòt pou laprès.
Gwoup Aksyon Dyaspora a (GAD) ki nan Paris kapital limyè a ak pati politik MOUHVHE ki se Mouvman Kap Chache pou Kole Pyese Ayisyen Lakay ak nan Dyaspora, (Mouvement Unifié des Haïtiens Vivant en Haïti et à l’Étranger), mande ak kominote dyaspora Ayisyen nan lakou San Juan pòtoriko, pou yo lage koukouwouj bat chalbari nan dèyè Papa Gang ansyen Pm defakto Ariel Henry yon fason pou nou pa kite misye gen dòmi nan l ak repo.
Bali chalè, bali sitin, bali manifestasyon nan tout fiftiwon li jiskaske mèt li tonton Sam deside trennen l mare l tankou krab livre l ba nou nan penitansye Ayiti.
Yo kraze prizon yo, yo kraze penitansye yon fason pou li ak akolit li yo tankou, ti Andre ak Marjorie Michel, Rosemila Petit-Frère, tout ekip gang SDP yo, ansyen minis li yo ak kolaboratè yo, tout lòt asosye souf kout, asasen, konze, gran manjè yo pa al fèmen ladan’l.
Penitansye se la pèp la ap tann dòk papa gang lan tèt dwat.
Leve kanpe chache yo ak balèn tout kote yo kache.
Anpil nan yo kouri kite peyi a al kache an ewòp, an afrik, an amerik elatriye…achte kòd, pote kòd pou nou mare yo tankou krab pou zafè vann peyi sa a, mete ensekite ak fè tchyoul kolon pou sa fini koupe sèk.
Ayisyen toupatou, achte kòd, pote kòd, veye yo, mare yo, bare yo anwo, bare yo anba paske yo pa dwe gen repo ann fè yo kouri nan mitan n pa dwe gen trèt.
Viv yon revolisyon tout bon pou yon Ayiti Lib ak Grandèt tèt li.
An nou kanpe RÈD kont yo.
Pou òganizasyon yo,
Aktivis e militan politik Edwin D’HAÏTI.

