RETE 2 JOU!
Ekip Ariel Henry ak Andre Michel, Edmonde Beauzile, Saurel Hyasent, irlande Manigat… pote premye pri nan kowipsyon pou rejyon Karayb la dapre dènye rapò Transparency International. « Fòk yon pèp ta vrèman dezespere pou se sou moun sa yo pou ya ta konte pou vinn fè eleksyon « libre, honnète, sincère, démocratique » pou yo, dapre Dòk Josué Renaud, yon’n nan dirijan NEHRO.
Lendi 5 fevrye 2024 ((rezonodwes.com))–« Ariel, Jean chache Jean twouve, chalè, chalè, chalè nan fiftiwann ou. Ou te konprann se po, kòken ! Sa se tòkèt la chay la dèyè vakabon« , se avèk tout gwo manman koze sa yo, san ‘l pa met dlo nan bouck li, ke ansyen Depite Hugue Celestin, manb Komite 7 fevriye a, kòmanse yon nòt jodi lendi a pou anonse la Nasyon ke Dòk Ariel Henry rete sèlman « 2 Jou » pou’l pyafe sou pouvwa a menmsi kèk polisye ap kontinye egzekite lòd ilegal ke lap pase yo.
Celestin ki denonse Ariel Henry ak tout ekip li a pou jan yo rive « detwi peyi a nan 30 mwa pouvwa ilegal« , te tou pwofite fèl konnen ap gen yon jou kap rive Dòk la ap « gen pou jije pou krim kont limanite » e li presize poul di tankou yo « asasen« .
« An n kite kantik! Ou poko li sikilè 3 fevriye 2024 PNH la ki mande direktè depatmantal yo ak lòt responsab PNH la pou anpeche ajan BSAP yo pran lari ak zam? Li di I pran mezi sa pou garanti » libre circulation paisible des citoyens sur le territoire national« .
Dapre Depite Celestin, « Elbé pran Ariel pou makak« , li tap site yon nòt PNH ke la Près endepandan pa rive konfime otantisite’l.
Komite 7 fevriye fini pou di ke « Jodi a 5 fevriye ou gen kont tan pou w fè sa. Si w te lyon nou ta di w al li » le lion mourant » nan fab Lafontaine pou w konprann sa k kòmanse rive w. » Men « malerezman » gwo espesyalis ki etidye maladi nan tèt kontinye konpòte’l tankou « yon makak« .
Pou Komite 7 fevriye 2024
Hugue Célestin