Komite 7 Fevriye 2024 | « Ariel Henry rete 4 Jou » pou’l balanse Ayiti nan yon lòt diktati nan figi gouvènman demokrat Etazini

0
251

RETE 4 JOU! Ariel Henry paka fè eleksyon ni an 2024, ni an 2025, ni an 2026. Li te eseye fè sa de fwa an 2015, se te yon fiasko total. Epi, rapò Transparency International ki bali ane sa a 11 pwen sou 100, kòm gouvènman ki pi kowonpi nan Karayb la, retire tout konfyans nèt al kole pèp Aysyen an sou rejim malfektè sa a kap danse kole ak gang, dapre anpil lide kap brase sou rezo sosyo yo.

Le vin est tiré, il faut le boire.

Samdi 3 fevriye 2024 ((rezonodwes.com))–« Dan pouri se sou bannann mi I gen fòs« , se deklarasyon anseyn Depite Hugue Celestin kap konte jou pou Dòk Ariel Henry bay dèyèl de tap, « paseke twòp mounn mouri pou gran mèsi nan peyi-a » depi yon twit te mete’l nan plas Claude Joseph, yon lòt esklav sistèm nan depi 2020.

Mouche Celestin, nan yon ti pwovèb, te tou pwofite denonse abi ke kèk polisye ki soti nan matris pèp la, san konsyans ap fè pou eseye san pyès lespwa kenbe Ariel Henry sou pouvwa. Alòs ke pwòp manda li te bay tèt li pou’l te fè eleksyon nan lane 2022, lane 2023 a pa kanpe sou anyen ankò e ke pèp la pa pran nan eleksyon fo mamit ankò tankou nan lane 2011 ak kandida ofisyèl Sweet Micky.

Dapre ansyen palmantè rejyon Maryen nan Nòdès la, ki se yonn nan ra Aysyen ki pa konn mete dlo nan bouch li pou’l denonse tout move zak krabinay ke konpatriyòt li ap sibi, di klèman ke « depi se pou konbat gang, lapolis gen pwoblèm efektif, pwoblèm materyèl, pwoblèm kòmandman« , li kontinye pou’l di ke « Men lè se pou kraze manifestasyon pasifik men gwosè bibit polisye yo« .

« Ou kwè se vre gen moun ki di PM lan grese pat nou pou djòb la fèt ? Lapolis nou pa wè si nou tout anba menm kout baton an nan men Ariel Henry« .

Pou fini, Komite 7 fevriye ki raple ke rejim Tèt Kale 3 a rete 4 grenn jou pou pase sou pouvwa a, mande la polis pou’ « sispann fè vyolans sou pèp la, chanjman an ap pou nou tout. Dan ri malè ! PM konpa a gen lè ap malouk wi, fòk ou bon kavalye pou w danse I« .

Nap souliye ke Gonaives Debout nan yon nòt jodi samdi a, mande ak tout fòs li ke Ariel Henry ki pat janm gen pyès manda lejitim retire kò’l sou pouvwa a. Pi lwen kèk manifestan deklare sou rezo sosyo ke « si vrèman Dòk Ariel gen nen tout bon vre nan figil se pou’l retire kò’l san diskisyon, zafè yon lòt diktati pa posib nan bab Etazini kap konbat seryezman zafè sa nan kèk lòt peyi nan Amerik la, sitou nan Nikaragua ak Venezuela ».

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.