14 janvier 2026
Chimen madoulè
Actualités Culture Société

Chimen madoulè

Kisa ki te fè
Ti zwezo te vole
nan chimen madoulè

Kisa ki te fè
Marasa boule pay
pou etenn malsite

Nan sezon fètdèmè,
Tonnwèl taye banda.
Menm chante kanaval,
Kòmanse fen mwadmas.

Kilès ki konn wè
Lougawou ak zobop
defile nan gwo kay

Kilès ki konn wè
Gworeken sou chimen
simaye kè kontan

Mès minwi gwo midi
Pijama gran jounen
Larivyè retounen
nan sous dlo
ki nan mòn

Dan Yoo

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.