Depite Cholzer Chancy – Si’m te Konnen Toujou Dèyè !

0
496

un billet de la rédaction

Tout otorite nan peyi Dayiti lè yap friz nan biwo yo san yo preske pa itil peyi a yon mèd, ak pwomennen nan gwo silend yo 4×4, machin leta, gaz leta, lajan leta, kay leta, pa gen yonn nan yo ki janm sonje gen yon jou ki kap rive yo ka ale grate santi nan prizon. Sitou anpil nan yo, tankou ekip sa, ki pa janm mennen bak yo pi byen ke sa. Se fè lajan devan dèyè, bay manti, jwe wòl Konze ak Juda. Sitou yo pa janm met nan tèt yo ke la lwa pa fèt pou bèt se pou moun. Si tout lè fwa yo gen mounite nan yo.

Dòk Ariel Henry, yon ti nèg nwè tèt grenn ki, malgré tout pil entelijans li genyen nan domèn la medsin, bay Seza sak pouli, panse ke blan yo renmen’l anpil tout bon vre. Yo egare pouli, li ka fè pi byen lakoubèt devan yo. Lap kontinye grennen jenjenbrèt, lap layite kòl nan yon peyi ke li konnen byen gen la Lwa ak Konstitisyon menm jan ak La Frans, Kanada ak Etazini. E ke yon jou kon jodi-a baton ki bat chyen nwa se li menm kap bat chyen blan tou. Gade sou Jean-Claude Duvalier ke antèman’l pase tankou yon lèt nan la Pòs.

Nan ka ansyen Depite Cholzer Chancy ki gen yo gwo chato nan vil Eneri, – ki se yon prèv li te konn travay di – eki abitye resevwa anpil gwo chabrak, tankou chèf bandi legal la Michel Martelly, se byen regretab lè’w wap gade ti kare kote lap dòmi depi kèk jou. Nou pap tounen sou dosye sa, se zafè rat kay kap manje pay kay. Dènye rapò Transparency International la pwouve ak klè ke se yon ekip kowonpi nan tout mewl li kap jije moun pou kowipsyon. Ala traka pou lave kay tè.

Depite Chancy ki te chaje ak pouvwa nan peyi Dayiti pandan yon epòk, ta komèt yon gwo erè. Yonn nan pi gwo erè nan la vi’l, malgre dimansyon entèlijans li pou’l te rive fè anpil mounn nan Eneri pa janm regret yo te voye’l la Chanm, yon plas ke ansyen fiyèt lalo Rita Frederic Moncoeur te kenbe lontan pou bay diktati Duvalier a jarèt. Erè Mouche Chancy komèt la sèke li pat jan panse mande Sweet Miky ak Jovenel, met yon ti kòb nan bidjè gwo ponyèt yo a pou repare prizon yo an Ayiti, espesyalman Penitansye nasyonal, ki se yon lanfè sou la tè.

Men jounen jodi-a, lap danse kole ak rat, lap gouye sou matla chaje ak pinèz, dlo pou’l bwè tounen yon gwo liks pase vè chanpay nan Vila Enry, bokit dlo pou benyen limite alòske Rivyè nan Eneri ak vomi dlo. Tankou jan « Konsèy Minis » de fakto a te voye apranti sòsye Ariel Henry devan zanmi’l Jij Voltaire pou « audition témoin à domicile », sou pretèks tout mounn egal ego douvan la lwa, se konsa tou pèp Aysyen paka tan pou Ariel Henry, ak tout akolit li yo al fè yon ti tou tou nan Penitansye nasyonal. Si yon Brandt ki nan sektè kap fè ak defè nan peyi a kala, alewè pou zòt ki se yon chef popetwèl.

Si se pou fè yo fè e menm fè twòp ke sa mèt yo mande yo fè. Pou sèlman « demande de déploiement de troupes étrangères sur le territoire national, un acte de trahison » ki te fèt nan mwa Oktòb 2022, sa ta sifi pou la Nasyon pouswiv yo san konte degre zak koripsyon, briganday e zanmitay ak gann ki mache touye inosan ak miltiplye « territoires perdus » pou Lalime ak Salvador ka jwen pretèks nan reyinyon Konsèy Sekirite.

Si gwo nerològ la ak gran ekrivèn lan konn li byen nan boul kristal, ki gwose boul je’yo wè yo grin’n bak devan yo, ke yo fè vit amenaje kèk selil VIP nan Ri di Sant, pou yo pa di pita, menm jan ak ansyen tou pwisan prezidan Chanm Depite a, ke si’m te konnen toujou dèyè.

image d'illustration

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.