25 septembre 2025
Lavi vye nèg
Actualités Culture Kreyòl Société

Lavi vye nèg

Gwosore
sot Lafòsèt,
peri Site Katon;
Tinonm fèt Soukannal,
pa janm
wè Raboto.

Anba Veritab,
Kòd nan ren
tounen
siy owoskòp
kape taye banda
nan kounouk tant Zabèt

Nan Palan,
devan pòt Konpè Lòm
Koutnen fè festen
nan batèm Tizina

Zòn Bwanèf,
Koulin wouye filange zo
Ti kouto pèse wòch
sou pil fatra Lameri

Lavi vye nèg
sanble wòch kap woule
sot nan tèt lamontay
pou rive nan platon

Dan Yoo

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.