PNH sou Normil Rameau ak Leon Charles fè anpil dezagreman pou kenbe Jovenel Moise ak Lubérice sou pouvwa. Konnia se Frantz Elbe kap fè djòb sal pa’l pou kenbe Ariel Henry, Saurel Yasent, Marjorie Michel, André Michel sou zitòk yo… Qui l’aurait cru….!
Jedi Premye fevriye 2024 ((rezonodwes.com))–Ansyen kanson fè et ansyen mèt e seyè nan Palè Nasyonal sou rejim Tèt Kale 2, Jovenel Moise/Lafontant-Lapin-Ceant-Jouthe-Claude Joseph, pwofesè ak ekriven Rénald Lubérice pa mete dlo nan bouch’li pou’l kontinye kritike Dòk Ariel Henry, ke blan yo bay fè yon ti kout an atandan yo jwenn yon lòt « esclave à talent » pou kontinye sèvi enterè yo.
Mouche Lubérice bat bravo lakontantman pou mounn Ti Gwav ki pran la ri an mass pou yo rele chalbari dèyè mouche Ariel ki refize konprann yo pa bezwen’n ankò e ke peyi a pa yon savann. Fòk li rive konprann tou li paka fè sa’l vle paseke pèsòn pa janm met men nan lank ni vote pouli.
« Moun Tigwav pa nan betiz. Eske fòs militè entènasyonal la ap vin mate pèp la pou ede Ariel Henry rete sou pouvwa nan ilegalite ak ilegitimite dèyè do tout prensip demokratik?« , se kesyon sa Pwofesè Lubérice poze tèt li jodia pandan ke li bliye ke André Michel te poze menm kesyon sa tou la vèy 7 fevriye 2021 pou fen manda konstitisyonèl Jovenel Moise.
Rénald Lubérice ki se yonn nan gwo entelektyè aysyen ki chwazi rete nan peyi-a malgre anpil tèt chaje ak « territoires perdus » ki tonbe nan men gwoup gang ke « Ariel Henry ap sipòte« , selon BSA Montana, site nan twit li a Anbasad Ameriken ki « genlè nan 30 mwa ki sot pase yo kominote entènasyonal te bliye mande fè eleksyon« .
Eleksyon avèk Ariel Henry ki deja fè eksperyans li an 2015 ak Sweet Micky se « tap dènye bagay pèp aysyen an ta gen bezwen », te siyale Dòktè Josue Renaud nan mwa desanm pase a ki pa wè ki bò BINUH ap pase « pou’vin’n fè yon maskarad eleksyon ankò avèk PHTK ».