Mèkredi 31 janvye 2024 ((rezonodwes.com))–

« Ariel Henry, Guinness World Records genyen pou l pibliye non w« , se sa ansyen Depite Hugues Celestin ekri nan yon nòt li pataje ak journal Rezo Nòdwès, pou’l demontre tout wòl Dòk la jwe nan yon gouvènman chaje ak anpil « esclave à talent » ki pa rive malgré tou montre yo itil pou peyi-a.

Ariel Henry, ki dapre Komite 7 fevriye 2024, ta sipoze rete 7 jou sou pouvwa a, si tout bon li respekte tèt li ak dènye akò li te siyen an, jwi anpi wòl ke Guinness Records ta sipoze panche sou sa.

« Ou premye minis, ou prezidan, ou jij, ou palmantè. San konte wap travay depatman deta meriken« , se tout pozisyon sa yo ansyen minis Enteryè gouvènman Michel Martelly ap okipe jodi-a.

Men pou Komite 7 fevriye ki gen pou prezidan Depite Celestin, « Ariel Henry, menm si li kontinye dodinen, ak panse li ka kreye divèsyon pou kraze batay pèp la, se ra se ta. »

Dapre li mouche Ariel Henry, manzè Emmelie Prophète, mouche Nesmy Manigat, mouche Andre Michel e latrye ki se yonn nan pi move elèv eki parèt kreten nan lekòl Transparency Ineternational pou Karayib la avèk yon nòt san mwayèn 17 pwen sou 100 e ki klase preske nan ke klass la 172 è plas sou 180, pa gen anyen li ka fè ankò pou detounen pèp la.

Li fini pou’l di e nap site « Ou mèt fè lestonmak bonbe, zepòl kare ou prale. Fwa sa w ap resi kenbe pawòl ou, mètdam! »

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.