25 septembre 2025
Kimele
Actualités Culture Kreyòl Société

Kimele

Pa gen podyab
pou Tikolo tèt kase.

San koule pou danri
Vwazinay sou deran.

Sak te di l vi n grandi
nan lakou
Sò Plètil

Pa gen podyab
pou Jeremi je pete.

Koulin mouye fann do,
Zepòl dwat pa kole.

Kimoun ki te voye l
wouze branch lamitye

Pa gen podyab
pou Jelifèt san lonbrit.

Lavi file kou flonn,
Zòt pa voye je.

Kilès ki konseye l
louvri je l bay lavi.

Dan Yoo

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.