Chantal, Omòl ak Montay Nwa
Se senkant kòb ak degouden.
Petyon, Kristòf ak Desalin
Son sèl rèv ki pou fè n avanse
Se pa sa n wè nan glas
Se pa sa n wè sou tab
Se sa n tande yo bay
sou Ayiti nan nouvèl
Se menm fwèt kach
moral
Se menm palavire
Se menm kòlè
fache
Lè Ayiti nan nouvèl
Nèg mòn kou nèg lavil
Se menm bwa
se menm fèy
Dyaspora kou lokal
Se menm nou menm nou ye
Se pa kote n soti
Se pa kote nou ye
Se menm rèv nou dwe fè
pou Ayiti cheri
Se menm fwèt kach
moral
Se menm palavire
Se menm kòlè
fache
Lè Ayiti nan nouvèl
Dan Yoo

