14 janvier 2026
Yon tiflè panse lavi
Actualités Culture Société

Yon tiflè panse lavi

Yon tiflè panse lavi

Yon tiflè,
sanpransouf,
Fè rasin toupre kè m
Ranmase lawouze
toufonnen gwo chalè

Yon tiflè,
san pale,
Fè m konpran tout pawòl
Rakonte m jou dantan
Eksplike m jou demen

Yon tiflè,
san kesyon,
Ban m repons sou lavi
Fè m wè sa k koule fre
tankou dlo kokoye

Yon tiflè,
toupiti,
Ban m frechè toutjounen
Pafimen tout lespri m
Fè m fremi nan tout kò m

Yon tiflè,
san reklam,
Ban m siyal jou detrès
Fè m bliye kè kase
dekouvri kontantman

Yon tiflè,
tou frajil,
Vi n tounen anjgadyen
Deplase, vi n panse
Yon lavi degrenngòch

Dan Yoo

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.