3 décembre 2025
‘Komite 7 fevriye’ | « Rete 16 Jou » pou oto-manda wa Ariel kap montre gwosè nouvo chato’l fini
Actualités Insécurité|Kidnapping PHTK autorise l'occupation du pays Société

‘Komite 7 fevriye’ | « Rete 16 Jou » pou oto-manda wa Ariel kap montre gwosè nouvo chato’l fini

RETE 16 JOU, dapre dènye dekont « Komite 7 fevrye 2024 »


Lendi, san l pa adrese yon panse espesyal pou 6 Mè ke bandi yo kidnape, Ariel Henry kontinye ap agase pèp Aysyen pou demontre ke misyon’l poko prèt pou fini menm si oto-manda li te bay tèt li-a nan Akò Tonton Nwèl’la ekspire.

Wanament, lendi 22 janvye 2024 ((rezonodwes.com))–« Yè maten, Ayiti fè hit nan lamès Vatican. Pap la pa kache endiyasyon l, li mande liberasyon 6 mè bandi legal yo kidnape a« , sesa ansyen Depite Hugue Célestin raple jodi Lendi a nan yon nouvo dekont ki di ke « PM Ariel rete 16 jou pou’l pase sou pouvwa’a« .

Célestin, nan yon nòt li voye bay jounal la san li pa met dlo nan bouch’li, apre ke Le Pap fin’n pale sou dosye kidnapinn 6 chè sè yo, li asosye Dòk Henry ak manm endistri kap pede touye ak kidnape mounn nan peyi Dayiti pou kreye plis tèritwa pèdi. « Mèsi anpil Ariel Henry, endistri kriminèl ou an ap make pwen« .

PM Ariel Henry ki ta vle fè kwè ke se pou tout bon ke « ke makak la pap kase e ke lap la pi rèd » nan tèt peyi a malgre pase plis ke 4 000 moun ki mouri nan 30 mwa, alòs ke anpil Ayisyen kòmanse pa rekonèt li pou po patat an peyi-a, jounen Lendi a pran rezo sosyo pou montre bèl chato li abite. Li tounen sou menm vye pwomès Tonton Nwèl ke li pral bati Palè Nasyonal eke lap rebati enfrastrikti Leta, san l pa di pou konbyen tan li la eki atik Konstititsyon kap aplike.

« Men sa w pa konnen ou foure men w nan nich gèp. Se pa zak sa yo k ap fè blan an vini. Ou dwe ale, fòk ou ale pou moun rale yon souf« , deklare anfen yonn nan manm la Komite 7 Fevriye 2024, Hugue Célestin.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.