JOU PANZOU
Solèy fennen,
tenyen nan dlosèl.
Zokòt brannen,
griyen nan gwo rèl
Jou panzou
Se venn bande
Jou panzou
Se venn pete
Lalin griji,
kouri nan rakbwa.
Kalbas pouri,
fini nan fènwa
Jou panzou
Se venn vire
Jou panzou
Se venn rache
Koukouy pwoche,
pote kè sou biskèt.
Lòlòj tòde,
kole nan pikèt
Jou panzou
Se venn kòde
Jou panzou
Se venn sevre
Dan Yoo

