Pouki
M pa kwè Toujou
tankou m te gen senkan
Tonton Nwèl se papa m
lakay pral jwenn kado

Pouki
M pa kwè toujou
tankou m te gen dizan
frè ak sè se siman
je pran kou
nen kouri dlo

Pouki
M pa kwè toujou
tankou m te gen sèzan
promès ak dèt
se marasa
menm plim ak plimay

Pouki
M vle kwè toujou
tankou m te gen ventan
zam dwe met ba
pou papye triyonfe

Pasesit
Pasela
Dlo nan je ak foli
lonje sou menm nat

Aloufa ak bandi
tifle sou menm tab

Tiflè
boujonnen
Lavi deperi

Babye poul, babye mayi
Bab mayi fennen

Ayè se baboukèt
jodi
se pawòl van
pawòl tafya
pawòl bouch sal

Dezespwa tout lannwit
Malsite jouk li jou
Lamizè toutjounen

M pa vle kwè
M pa vle wè

Jodi vle demen
avantyè
vle tan kolon

Esklav lontan
Restavèk jodi
Menmman
Parèyman

Jodi se goumen,
demen son lòt jou
tou nèf

Dan Yoo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.