25 septembre 2025
Valpa jwiferan
Actualités Culture Kreyòl Société

Valpa jwiferan

Kisa k rive n

Yo di 

nou se valpa

pyepoudre

Ponyèt san sèvèl

Ti kabrit kasèdkòd

Yo rele nou

jwiferan

Sanzave 

Avadra

Ti poul san gadò

Yo bann pote chay

Se sou nou 

yo pase ray

Nou se 

nanchon pèdi

Yo di 

Nou modi

Kisa k pase n

Kisa k rive n

Kote nou prale 

Kote nou vle rive

Maten midi swa

Se 

virewon 

desan pa sou plas

Nou piye mizè

Nou jofre malè 

Âne vini

Âne ale

Tout tèk se pou rigòl

Tout wonn bare ak mi

Kisa k pase n

Kisa k rive n

Dan Yoo

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.