Pèp Ayisyen
Se te yon apre midi nwa 12 janvye 2010. Pandan kek segond tout senbòl leta nan peyi a tonbe, yon kantite moun nou pa ka konte mouri san konte sak andikape. Se te yon okazyon pou’n te chita ansanm, pou n te tande larezon pou’n te bay tèt nou yon sèl direksyon men jiska prezan nou toujou rete nan chen manje chen an. Men lè a rive jodia devan tout menas ki pandye sou tèt nou yo ki anonse yon lot goudougoudou ki ka pi mal 14 lane apre pou nou chwazi rezon olye tèt di.
Nou kwè nou dwe kanpe pou’n tande la rezon kap pale avek nou pou’n pa kite Abraham frape pye l atè 7 fwa 77 fwa pou l di sètasa. Sak gen zòrèy pou koute, koute sak ka konprann, konprann.
Nan jounen komerasyon sa a, nap salye memwa tout moun ki te tonbe nan gwo katastwòf sa. Nap pote rekonfò nou bay tout Ayisyen ki te viktim yon fason oubyen yon lot e nap mande pèp la jodia, nan mitan gwo van divizyon ak konfizyon kap soufle sou peyi a, resezi nou pou’n pa al tombe nan yon lot goudougoudou sosyal, politik ki ka fini avek nou nèt. Pèp ayisyen an nou pran tan pou nou poze kesyon epi chèche konprann.
Se pou Bondye kreyatè nou an pwoteje peyi a kont tout vye manèv ki ka plonje nou pi fon toujou nan basen desespwa ak lamizè e se pou Lespri zansèt nou yo ede nou wè klè pou n pran wout liberasyon majorite a nan linyon ak respè youn pou lot.
Lapè ak lanmou pou Ayiti.
Nazaire Jean Thomas
Kòdonatè nasyonal GRANFOS.