Endepandans ak Nouvèl An 2024 : Mesaj dirijan MAPOU

0
328

Premye janvye se fèt lanmou!

Premye janvye se fèt libète!

Ochan pou zansèt nou yo!

Ochan pou tout vanyan sòlda ak ewo ki te goumen pou ban nou libète!

Nan jounen premye janvye 2024 sa, kè nou ap vibre nan kadans viktwa libète pou swete chak grenn moun nan mond lan ki patizan libète, an patikilye, chak grenn ayisyen, bon difèt lendepandans.

Nou mansyone tout mond lan paske depi lè kòd lonbrit endepandans lan koupe nan lakou Gonayiv jou ki te premye janvye 1804 la, Ayiti se manman libète. Libète sa pa t pou yon gwoup byen espesifik men se pou tout moun, depi yo pile bout tè sila a. Dayè nan atik 3 konstitisyon 1801 peyi a, li ekri nwa sou blan depi yon esklav pile tè dayiti, li lib.

Atik sila a atire atansyon nou e montre n dimansyon mounite ki te genyen lakay zansèt nou yo nan rekonèt dwa pou chak moun viv egal ego.

Zansèt nou yo pa t nan kesyon ras!

Zansèt nou yo pa t nan kesyon koulè!

Zansèt nou yo te g on sèl objektif, libète pou tout moun ! Ochan e bravo pou yo!

Premye janvye 1804, Ayiti, premye repiblik nwa akouche libète pou n viv lib e libè. Gras ak lendepandans sila a, libète te kontinye ap fè chimen l nan kontinan meriken an. 220 lane apre pati politik MAPOU envite n ini nou pou n swiv tras zansèt nou yo paske nou menm nèg ak nègès peyi dayiti se pitit zantray libète.

Ayiti se yon ti bout tè anviwon 27 750 km2 men nan laboratwa libète, nou se yon gwo pèp, nou trennen yon gwo listwa dèyè n. Pou bèl paj listwa sa yo te rive ekri, se chak grenn sòlda ki te mete tèt yo ansanm pou fè yon sèl pou goumen kont sistèm lesklavay ki t ap domine epòk la. Pati politik MAPOU pa ta ka rete endiferan nan dat istorik sila a ki trennen tout bèl paj listwa sa yo dèyè l pou vin swete nou fòs ak kouraj pou n kontinye konbat move je. Fòk nou raple n tou, revolisyon zansèt nou yo, se sèl revolisyon lesklavay ki pote laviktwa nan tout listwa mond lan. Kidonk, nou gen enterè pou n kontinye goumen pou byennèt nou

paske premye janvye 1804 – premye janvye 2024, fè egzakteman 220 lane depi n pran lendepandans.

220 lane pa 220 jou ni 220 mwa. 220 lane se plis pase 2 syèk. 2 syèk apre, malgre n se premye pèp nwa ki endepandan e ke n sèvi modèl pou tout lòt nasyon nan mond lan, men n pa lib vre. Nou pa lib nan chwa nou yo, nou pa lib nan pran desizyon pou byennèt nou.

Ki enterè yon moun ta ka genyen nan mizè frè w ak sè w, nan touye yo, vyole yo, nan kidnape yo pandan n konnen pa gen moun ki ka viv san moun ?

MAPOU poze kesyon sa yo se pa paske l konnen l ap jwenn repons men pou raple nou anyen p ap janm posib nan deziyon. Pati a pwofite de dat sa pou envite tout moun regade pase nou. Regade pase nou pou n ka pran l tankou yon egzanp pou n amelyore demen nou nan chwazi pi bon chimen an. MAPOU ankouraje n swiv tras ewo lendepandans nou yo ki te ini yo pou n te ka gen yon sosyete kote tout moun egal ego. Sosyete sa p ap ka posib nan chen manje chen ni nan chire pit men se lè n mete fòs nou ansanm pou n ale nan yon sèl direksyon.

Wi ak linyon, lendepandans ekonomik, lendepandans sou plan politik, lendepandans nan domèn lagrikilti a posib paske se sou baz linyon sosyete sila a te pran nesans. Linyon se vrè fòs la paske se sèl linyon ki ka fè n renmen youn lòt, ki ka fè n kiltive latolerans pou n sispann touye, vyole, kidnape frè n ak sè n.

Ak linyon, souverènte n pa ka pase anba pye. Fòs fènwa pa ka anvayi n, yo p ap ka pran dezisyon nan plas nou okontrè se nou k ap gen lavwa o chapit pou n konnen kisa k ap bon pou nou e sa k p ap bon. Ak linyon nou ka refè l ankò anba MAPOU a paske rasin nou fon e TOUSSAINT Louverture te kite pawòl ak nanm sa pou nou kote l te di menm si yo koupe pye bwa libète a, l ap boujonnen kanmenm paske rasin nou fon e yo anpil. Frè m ak sè m, konpatriyòt nou yo, an n kontinye boujonnen pou van lespwa ka soufle.

Bon difet de lendepandans!! Rasin nou fon.

P. Colin

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.