Sen Michel Latalaye, 30 septanm 2023
Nòt pou laprès
Asosyasyon andikape nan komin Sen Michel ap atire atansyon popilasyon an sou ansanm esklizyon ki genyen nan komin lan kote moun sa yo pa gen aksè ak edikasyon.
Nan komin nan gen anpil timoun k ap viv avèk andikap ki pa ale lekòl paske pgen lekòl kalifye ki pou resevwa yo. Sila yo ki deside ale yo sibi anpil diskriminasyon, gen lekòl nan komin lan ki pa dakò enskri yo paske yo pa vle pèdi lòt elèv sou pretèks lòt paran p
ap vle pitit yo chita bò kote andikape.
Moun k ap viv ak andikap anndan komin nan jeneralman pa jwenn chans ale lekòl ale
wè pou yo ta jwenn edikasyon ki adapte ak bezwen espesifik yo genyen.
Peyi a paka develope si li pa valorize chak moun, bay chak moun aksè pou yo byen
fòme pou yo entegre sosyete a, menm si yo ap viv ak yon andikap. Se pou sa, ADHMA
(asosiyasyon andikape sen michel latalay) mande pou otorite ki konsène yo; mete
estrikti epi pran dispozisyon pou pèmèt moun ki gen andikap yo ale lekòl men tou
jwenn edikasyon ki adapte.
N ap mande leta pou konstwi yon sant ki genyen dòtwa pou granmoun ki depase 40 lane ki gen andikap, yon klinik pou yo jwenn swen sante ak yon lekòl espesyal pou moun ki gen andikap. Nou mande tou lekòl pwofesyonèl pou pitit moun ki gen andikap
yo.
Moun ki siyen nòt sa se :
Luccone Ferançois
Pasteur Luccene FRANÇOIS Kwodonate ADHMA
Latalaye
Esther Solissaint
Esther JOLISSAINT
Kodonatris kominal REPT nan Sen Michel

