9 octobre 2026
Asosyasyon andikape nan Sen Michel denonse eksklizyon nan zafè edikasyon
Actualités Société

Asosyasyon andikape nan Sen Michel denonse eksklizyon nan zafè edikasyon

Sen Michel Latalaye, 30 septanm 2023 

Nòt pou laprès 

Asosyasyon andikape nan komin Sen Michel ap atire atansyon popilasyon an sou ansanm esklizyon ki genyen nan komin lan kote moun sa yo pa gen aksè ak edikasyon. 

Nan komin nan gen anpil timoun k ap viv avèk andikap ki pa ale lekòl paske pgen lekòl kalifye ki pou resevwa yo. Sila yo ki deside ale yo sibi anpil diskriminasyon, gen lekòl nan komin lan ki pa dakò enskri yo paske yo pa vle pèdi lòt elèv sou pretèks lòt paran p 

ap vle pitit yo chita bò kote andikape. 

Moun k ap viv ak andikap anndan komin nan jeneralman pa jwenn chans ale lekòl ale 

wè pou yo ta jwenn edikasyon ki adapte ak bezwen espesifik yo genyen. 

Peyi a paka develope si li pa valorize chak moun, bay chak moun aksè pou yo byen 

fòme pou yo entegre sosyete a, menm si yo ap viv ak yon andikap. Se pou sa, ADHMA 

(asosiyasyon andikape sen michel latalay) mande pou otorite ki konsène yo; mete 

estrikti epi pran dispozisyon pou pèmèt moun ki gen andikap yo ale lekòl men tou 

jwenn edikasyon ki adapte. 

N ap mande leta pou konstwi yon sant ki genyen dòtwa pou granmoun ki depase 40 lane ki gen andikap, yon klinik pou yo jwenn swen sante ak yon lekòl espesyal pou moun ki gen andikap. Nou mande tou lekòl pwofesyonèl pou pitit moun ki gen andikap 

yo. 

Moun ki siyen nòt sa se : 

Luccone Ferançois 

Pasteur Luccene FRANÇOIS Kwodonate ADHMA 

Latalaye 

Esther Solissaint 

Esther JOLISSAINT 

Kodonatris kominal REPT nan Sen Michel 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.