Ramelle Joachim Dominique asasinen nan Kafou Fèy pa gang TiLapli : Agr. Marcel P. Mondésir, kouzen’l, denonse Ariel Henry, Emmelie Prophète, Frantz Elbé ak Mirlande Manigat kòm moun ki « livre popilasyon an bay bandi »

0
2009

Eske CARICOM ap vinn enpoze Ariel Henry sou moun toujou apre tout move zak sa yo kap fèt nan peyi-a eke mouche rete bèbé?

Marcel Poinsard Mondesir

Mèsi Ariel Henry ak tout ekip Akò, Akwòkò, Dezakò 21 desanm 2022 y’a!

Ariel Henry ou ba nou kou a, li reponn nou nan trip nou;

Emmelie Prophète Milcé, ou ba nou kou a, nou pa gen kòd pou mare ren nou;

Frantz Elbé ou ba nou kou a, ou fè nou kriye pou tout bon;

Madan Mirlande Manigat ou ba nou kou a, nou tonbe atè plat. Nou pa fouti leve kounye y’a. Men…

Kominote entènasyonal iresponsab ak konplis ou ba fanmi Dominique, Dumesle, Joachim kou a, li reponn nou jouk nan mwèl;

Jedi apremidi Tilapli chèf gang Gran ravin ak lame kriminèl li y’a deplòtonnen yon cocktail molotov lakay Ramelle Joachim DOMINIQUE ki fèt Zabriko 9 mas 1969 nan depatman Grandans. Papa l, Rénel Joachim tonton mwen, se te yon Sèvitè Leta, Prepoze Kontribisyon, men se Ansdeno ak Tibiwon tout pitit tonton m yo grandi. 

Ti lapli bandi ak tout sa nou konnen yo etenn souf Ramelle Manman 3 pitit kankannen anndan yon Kay nan ri Numas Rigaud, Kafou Fèy. 

Ki krim Kouzin mwen Ramelle te fè pou tankou anpil lòt anonim li jwenn santans sa nan men Tilapli, gouvènman ak kominote entènasyonal la?

Pou nou menm fanmi yo sèl krim li se paske Ramelle te chwazi rete nan Kafou Fèy. Li te kwè nan pawòl gouvènman espesyalman chèf polis la ki nan pawòl li te bay moun Kafou Fèy garanti Lapolis ap pran responsablite l, l ap asire Sekirite lavi ak byen moun nan zòn nan.

Ramelle Kouzin mwen te pito mete konfyans li nan pawòl Yon ekip manfouben, yon ekip ensousyan pase li te tande Rèl, pase pou l te koube l anba EGZIJANS Tout Fanmi li ki menm nan dènye moman ap mande l pou l kite zòn nan. 

Wi se konfyans nan yon gouvènman k ap livre popilasyon l nan men bandi san fwa ni lwa ki fè Ramelle kankannen menm rès li nou menm fanmi yo pa konnen si n ap jwenn pou nou fè dèy nou. 

Konsa 

Mèsi Ariel Henry

Mèsi madanm Mirlande Hypocrite Manigat

Mèsi madanm Emmelie Prophète Milcé

Mèsi Frantz Elbé

Nan non fanmi Dominique, Dumesle ak Joachim mwen vin di gouvènman ak tout akolit li yo ki nan Akò, Akwòkò, Dezakò 21 desanm 2022 pou touye nou tout, pou kankannen nou anba flanm dife MÈSI paske yo fè tout sa k nan pouvwa yo pou fè Dlo koule nan je fanmi Mwen.

Konsa Ayè jedi nan apremidi chèf lanmò Tilapli ak lame l la degennen Yon cocktail Molotov nan Ri Numas Rigaud Kafou Fèy anndan lakay Ramelle Joachim DOMINIQUE kote li mouri kankannen.

Mete sou tout doulè fanmi an 3 pitit Ramelle yo

Adonaï Dominique 

Christina Dominique 

Johny Joseph

kounye a vin ogmante Lis Timoun san Manman bandi légal yo ap fè donnen nan peyi y’a. 

Kadav kouzin mwen Ramelle Joachim DOMINIQUE menm jan ak tout kadav anonim ki kankannen nan Dife bandi ak sapat yo k ap travay pou bandi ak kravat yo, bandi legal yo ki kouvri ak Dra Blan ENPINITE kominote entènasyonal la se gouvènman Ariel Henry a, se HCT y’a, se CSPN nan ki pote tout responsablite yo.

Fanmi Dominique, Dumesle ak Joachim ap mande Òganizasyon Dwa Moun yo, Komisyon Entè ameriken Dwa Moun, Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun, Reprezantan Espesyal Dwa Moun Nasyonzini pou Ayiti y’a, Madanm Maria Isabelle Salvador reprezant espesyal Sekretè jeneral Nasyonzini (Antonio Guterres) nan peyi DAyiti pou yo pran Nòt e pou akonpaye yo nan demach pou nou jwenn Jistis.

Fanmi yo di Lanmò Ramelle Joachim DOMINIQUE pap pase nan pèt ak pwofi.

Kouzin mwen ou mèt ale, konnen Solèy la gen pou l leve sou Ayiti peyi ou te renmen an.

Kouzin mwen, se pou BonDye Lavi y’a resevwa Lakay li

Marcel Poinsard Mondésir 

01/09/2023.-

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.