Pifò etap yo dwe ranpli sou entènèt, sa ki pral fè pwosesis la pi efikas
Anbasad Etatzini nan Pòtoprens
WASHINGTON – Depatman Sekirite Enteryè a (DHS) pibliye jodi a kèk avi nan Rejis Federal lan ki pral pèmèt mete ajou epi modènize pwosesis Reyinifikasyon pou Fanmi sou Kondisyon pou Kiben ak Ayisyen (FRP), aprè anpil moun ki gen enterè yo nan pwogram enpòtan sa yo te pataje opinyon yo. Avèk modènizasyon pwosesis sa yo, moun ki fè petisyon yo pral kapab konplete pifò pwosesis FRP yo sou yon platfòm ki gen sekirite sou entènèt, sa ap elimine pwoblèm deplasman, tan, ak pil dokiman yo, sa ki pral pèmèt plis moun gen aksè epi patisipe nan pwogram sa yo. Pwosesis la toujou disponib sou baz envitasyon sèlman.
Pwosesis Reyinifikasyon pou Fanmi sou Kondisyon pou Kiben an (CFRP) ak pwosesis Reyinifikasyon pou Fanmi sou Kondisyon pou ayisyen an (HFRP) ankouraje inifikasyon fanmi. Mizajou sou pwogram sa yo te premye prezante kòm yon pati nan mezi konplè DHS ak Depatman Deta te anonse nan mwa avril la, ki konfòm avèk angajman nou dapre Deklarasyon Los Angeles sou Migrasyon ak Pwoteksyon.
Sekretè Sekirite Enteryè Alejandro N. Mayorkas te deklare, “Chemen legal yo, ansanm ak ranfòsman solid lalwa, ap efikas pou redwi migrasyon iregilye Ozetazini epi anpeche imigran yo remèt lavi yo nan men kontrebandye yo”. “Modènizasyon pwosesis Reyinifikasyon pou Fanmi sou Kondisyon sa a ap amelyore kapasite nou pou kenbe entegrite kritè egzaminasyon ak envestigasyon nou yo, l ap reponn ak reyaksyon enpòtan moun ki gen enterè nan kominote Kiben ak nan kominote Ayisyèn nan, epi asire aksè enpòtan – ki ale nan menm direksyon avèk valè nou yo – pou benefisyè potansyèl yo.
Apati 11 daout 2023, aplikan yo ap kapab konplete pifò etap nan pwosesis ki ajou yo sou Entènèt, eksepte pou lè y ap fè yon egzamen medikal aletranje ak pou lè otorite yo ap pran desizyon bay pèmi imigrasyon sou kondisyon an an pèsòn ki fèt lè youn moun rive pa avyon nan yon Pò Antre Ozetazini. Benefisyè ki kalifye yo pa dwe deja sou teritwa Etazini men yo pa oblije prezan fizikman nan Kiba oswa Ayiti ankò.
DHS te fè mizajou sa yo pandan l ap itilize pwogrè teknolojik ki te devlope depi lè CFRP an te kreye nan lane 2007 avèk HFRP an nan lane 2014. Pwogrè sa yo pral amelyore efikasite pwosesis yo. DHS ap kontinye verifye idantite ak kalifikasyon chak moun youn aprè lòt epi pou li fè bon jan tès sekirite ak envestigasyon nan plizyè nivo.
Toulède pwosesis yo ap kòmanse ak Sant Nasyonal Viza nan Depatman Deta a ki ap voye yon envitasyon bay sitwayen ameriken oswa manm fanmi ki ap viv legalman ak rezidans ki fè petisyon an ki gen Fòm I-130, Petisyon pou Fanmi Resòtisan, ki te depoze sou non yon benefisyè Kiben oswa Ayisyen. Lè sa a, moun ki fè petisyon an ka kòmanse pwosesis FRP a lè li ranpli Fòm I-134A, Demann sou Entènèt pou Sipòtè ak Deklarasyon Sipò Finansye , nan non benefisyè prensipal la ak nenpòt benefisyè derive, konjwen ak timoun, yo dwe konsidere pou otorizasyon vwayaj davans ak imigrasyon sou kondisyon an.
USCIS pral voye yon lèt bay moun k ap fè petisyon CFRP yo ki gen yon Fòm I-131, Aplikasyon pou Dokiman Vwayaj, ki deja depoze pou yon benefisyè prensipal k ap tann yon entèvyou nan La Havane. Anplis de sa, DHS ap rann pwosedi HFRP an pi aksesib lè li louvri pwosesis la bay tout benefisyè prensipal Ayisyen ki apwouve yo, kèlkeswa lè USCIS te apwouve Fòm I-130 la (anvan sa, kalifikasyon yo te limite a apwobasyon sa yo te bay nan dat 18 desanm 2014 oswa anvan).
DHS angaje l pou li garanti pwogram CFRP ak HFRP yo reyini fanmi yo epi bay yon pwosesis ki an sekirite epi ki byen òdone ki pèmèt sèten sitwayen Kiben ak Ayisyen ansanm ak konjwen yo antre Ozetazini san yo pa fè vwayaj danjere nan Fwontyè Sidwès la oswa pa mwayen lanmè. Efò sa yo konfòm avèk enterè nasyonal Etazini ak priyorite politik etranjè li yo, sa enkli inisyativ ki gen entansyon pou elaji aksè ak kontwole chemen legal yo pou dekouraje migrasyon iregilye.
Avi Rejis Federal yo pou Kiba ak Ayiti bay enfòmasyon detaye sou pwosesis aplikasyon an ak kritè yo pou kalifikasyon.