UNNOH, KONBIT ak PAPDA idantifye 12 pwen pou rankont Jamayik la byen klotire, valab ak kredib

0
2585

1) Ayiti : ranmase dwa granmoun peyi a dekwa pou Ayiti sispann anba grif pisans enperyalis yo.

2) Pou CARICOM pran pozisyon pou bay Ayiti tout sipò li nan di NON ! Li kont yon entèvansyon militè entènasyonal an Ayiti.

 3) Nesesite pou mete yon bout nan potekole san vègòy Entènasyonal la, espesyalman peyi Etazini, Kanada ak Lafrans bay gouvènman kriminèl PHTK Ariel Henry a epi nesesite pou tabli yon gouvènman tranzisyon kredib. N ap fè sonje nan lane 2004 CARICOM te sispann Ayiti nan òganizasyon an daprezavwa li te konsidere premye minis epòk la, Gérard Latortue, ak tout gouvènman an pa te ni lejitim, ni konstitisyonèl. Jounen jodi a, èske CARICOM angaje li pou siyen yon akò ofisyèl sou kriz Ayiti ak Ariel Henry ki enstale kòm premye minis ak yon senp twit, egal yon premye minis ki pa ni lejitim ni konstitisyonèl ?

4) CARICOM dwe bay yon pinga kont Plan Devlòpman pou 10 lane Depatman Deta meriken deside pou Ayiti a.

5) Ijans yon akonpayman solidè CARICOM bò kote Ayiti pou Rezolisyon 2653 (2022) Konsèy Sekirite Nasyonzini te pran sou zafè trafik zam ak minisyon nan dat 21 oktob 2022 a sispann yon blòf men pou li aplike toutbon vre. Rezolisyon sa a avèti Eta manm LONI yo pou yo sispann trafik zam ak minisyon devan dèyè an Ayiti.

6) Pou peyi Etazini sispann lage zam ak minisyon k ap ateri rapid vit nan men gang epi tou pou yo rekipere zam ki deja simaye nan peyi a. Pou ki se peyi Etazini ? Paske nan mwa mas 2023, Biwo Nasyonzini kont Dwòg ak Krim (ONUDC) soti yon rapò kote li konstate trafik ilegal zam ak minisyon an Ayiti ogmante, e pi fò zam ak minisyon sa yo soti nan peyi Etazini, espesyalman apati Leta Florid.

7) Mete kanpe yon Komisyon Ankèt Endepandan pou evalye dizuit (18) lane akonpayman LONI nan peyi a pou mete aklè tout responsablite l  genyen nan sitiyasyon tètanba n ap viv jounen jodi a.

 8) Api bò kote Lakou Karayib Jistis ki anndan CARICOM  pou ede Ayiti jwenn jistis espesyalman fanmi trant mil (30000) Ayisyen ki mouri ak ui san mil (800 000) lòt ki enfekte anba kolera sòlda MINISTA.

 9) Nesesite yon api djanm bò kote CARICOM pou restitisyon ak reparasyon tout tò ak gwo lenjistis Ayiti sibi nan listwa, ladan, dèt istorik lesklavaj la, vòl resous li yo, eskandal peyi Lafrans nan reklame yon swadizan dèt lendepandans, dappiyanp peyi Etazini fè sou rezèv lò Ayiti. 

10) Angajman CARICOM pou li rantre toutbon nan wout dekolonizasyon total zòn Karayib la. Nan lansman Premye Deseni Entènasyonal pou eliminasyon Kolonyalis (1990-2000), CARICOM te gen 17 lane depi li fonde.  An 2023, CARICOM deja temwen TWA DESENI youn dèyè lòt pou elimine Kolonyalis : 1990-2000/ 2001-2010/ 2011-2021. Gen yon KATRIYÈM DESENI ki apèn kòmanse (2023-2030). Nan sans sa a, li ta regretan pou 50 lane apre fondasyon l, CARICOM ta kontinye rete je fèmen, bouch be, fasa tout teritwa kolonyal ki devan l tankou teritwa kolonyal franse, peyiba lawolann, angle, meriken. Konsa, Matinik ak Gwadloup pa ka louvri pòt CARICOM pou yo chita kòm Eta manm. Poukisa ? Paske Matinik ak Gwadloup se pwopriyete Lafrans. Se 2 depatman franse nan Karayib la. Kidonk CARICOM gen angajman pou li pran toutbon pou dekolonizasyon total Karayib la.

11) Solidarite CARICOM avèk Ayiti pou ede li reprann dwa granmoun li sou zile Lanavaz epi jwenn dedomajman. Peyi Etazini, lè li fè dappiyanp depi 165 lane, kidonk plis pase yon syèk edmi sou zile Lanavaz, yon pati nan teritwa ayisyen an, li pa sispann pase Konstitisyon peyi a anba pye ki di aklè nan chapit premye, atik1-a : «  TERITWA PEYI D AYITI GEN LADAN : a) PATI LWÈS LA AK ZILE KI VIWONNEN LI YO TANKOU : LAGONAV, LATÒTI, LILAVACH, ZILE KAYIMIT, LANAVAZ, GRANN KAY AK LÒT ZILE KI NAN LANMÈ TERITORYAL LA ».

12) Vote yon rezolisyon pou reklame yon dezyèm DESENI ENTÈNASYONAL AFWO DESANDAN (2024-2033) nan non Ayiti. Nou pa dwe bliye Ayiti te premye nan kase chenn lesklavaj. Se sa ki fe plim e ank Victor Hugo ak lòt ankò konsidere l kòm yon LIMYÈ pou limanite. E poutan, nan kad selebrasyon DESENI ENTÈNASYONAL AFWO DESANDAN (2015-2024) la, Ayiti retwouve l nan dènye ran alòske Nasyonzini te dwe plase l nan premye ran.

 UNNOH / KONBIT / PAPDA

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.