25 septembre 2025
Kolektif Oganizasyon Pwogresis Ayisyen pou Solidarite ak lòt Pèp mande liberasyon Alex Saab
Actualités Diplomatie Kreyòl Société

Kolektif Oganizasyon Pwogresis Ayisyen pou Solidarite ak lòt Pèp mande liberasyon Alex Saab

KOLEKTIF ÒGANIZASYON PWOGRESIS AYISYEN POU SOLIDARITE AK LÒT PÈP (KOPASP) MANDE LIBERASYON ANBASADÈ ALEX SAAB. SE YON SOLIDARITE NOU FÈ AK ANBASADÈ ALEX SAAB AK FANMI L, AK GOUVÈNMAN SOSYALIS PREZIDAN NICOLAS MADURO AP DIRIJE A EPI AK PÈP VENEZYELA A.

Sa fè 3 lane depi gouvènman ameriken kenbe nan prizon anbasadè Venezyelyen ALEX SAAB, yon fason ilegal ak abritrè.  Zak sa a, vyole tout prensip ak règ elemantè konvansyon Vyèn yo sou kesyon relasyon diplomatik. Arestasyon ak anprizònman anbasadè Alex SAAB, se yon vyolasyon iminite diplomatik. Men, se sitou yon zak politik enperalis ameriken an fè kont gouvènman Bolivaryen an.

Kesyon nou toujou ap poze, kiyès ki bay gouvènman ameriken dwa pou l arete sitwayen lòt peyi, kondane epi mete yo nan prizon lakay li lè l pito ? Alòske, gen enstitisyon tankou ONU, CPI, FMI, BANK Mondyal, se yon seri maryonèt nan sèvis enperyalis ameriken an. Sa yo rele dwa entènasyonal la redwi a sa gouvènman ameriken deside. Paske, gouvènman ameriken bay tèt li dwa jandam mond lan. Tout rès peyi oksidantal yo mare nan pye Etazini. Se konsa, yo kite Etazini pouse peyi Ikrèn antre nan lagè ak peyi Larisi. Sitiyasyon sa a, kapab lakoz yon 3zyèm gè mondyal. 

Alex SAAB, se yon diplomat konsekan, sa gouvènman ameriken ka repwoche l, se angajman li pran pou defann peyi Venezyela, pou defann pèp Venezyela ak gouvènman Bolivaryèn lan. Se nan sans sa a, KOPASP (Kolektif òganizasyon Pwogresis Ayisyen pou fè Solidarite ak lòt Pèp) pote solidarite l bay gouvènman prezidan Nicolas Maduro ap dirije a, pou nou mande liberasyon anbasadè Alex SAAB. KOPASP, pwofite okazyon sa a, pou mande pèp ameriken an, pote solidarite li bay pèp Venezyela, nan mande gouvènman Joe Biden lan leve anbago kriminèl yo mete sou peyi Venezyela.

Solidarite se yon devwa revolisyonè.

Aba enperyalis ameriken, viv gouvènman sosyalis Bovaryèn lan.

Viv liberasyon anbasadè Alex SAAB.

Pou otantifikasyon :

Guy NUMA                                                                        Cilien LUXENAT

Islanda Micherline ADUEL

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.