15 janvier 2026
Ducasse Alcin : AVRI-LI-SAN
Actualités Culture Société

Ducasse Alcin : AVRI-LI-SAN

AVRI-LI-SAN

Ala peyi gen blofè

Yon ansyen tòsyonè

Yon ansyen diktatè

Yon kanson fè

Yon sanginè

Pèp souveren te bay kanè

Ki te konprann li te syèl e tè

Nan fè lavi zòt tounen lanfè

Matirize, tòtire, voye moun nan simityè

Se li yo wè ki merite lonè

Se li yo twouve ki merite respè

Se li yo chwazi kòm envite donè

Se devan pye l yo chwazi jete flè

Ala moun yo flatè

Ala moun yo manke wotè

Si lawont te pou vann anba kay fè

Zòt ta dwe al achte yon ti lòsyè

Ala moun yo pa gen grandè

Adje, entelektyèl peyi n tounen vè

Ki gen feblès pou move lòdè

Yo blayi kò yo nan nenpòt matyè

Yo aji kòm yon pil san pidè

Tankou moun ki san karaktè

Nan anbeli tout vye dechè

Nan rann tout malandren popilè

Nan anbrase tout atoufè.

Ducasse Alcin

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.