Asasen nan Leta Makonnen ak lòt pou pilonnen Dwa Moun nan Peyi dayiti malgre egzijans Lwa Nasyonal kou Entenasyonal
Pòtoprens, Ayiti 22 Mas 2023 ((rezonodwes.com))–
Òganis Dwa Moun ECCREDHH pa gen mo pou kalifye zak kap fèt sou popilasyon Ayisyèn nan. Pou premye fwa nan istwa n pèsonn pa epanye ak bal bandi, kidnapin, zak sasinay, mete dife, lenchay elatriye. E nou pataje senpati nou ak tout fanmi ki viktim yo.
Òganis Dwa Moun ECCREDHH refize kwè moun ki nan Leta ta konplote ak gwoup ame kont tout yon popilasyon pou asasinenl. Paske Konstitisyon an 1987 fè obligasyon ak Leta pou garanti Vi , Byen ak Sekirite popilasyon an.
Kouman pou bandi ak gwo zam fè ap simen dèy toupatou?
Kouman bandi ak zam fè alèz kou blèz pou opere tout kwen nan peyi a san lapèrèz?
ECCREDHH kwè ensekirite sa a, se otorite yo menm ki kreye l pou ka kontinye kenbe pouvwa san yo pa òganize eleksyon.
Se pou tèt sa nou mande popilasyon an pou li bay tèt li jistis nan pratike dezobeyisans sivil.
ECCREDHH ap denonse tout asasen ki deside sakrifye avni tout pitit peyi a pou pwòp enterè pèsonèl yo. Otorite yo telman sinik, lavi moun pa gen oken sans nan zye yo.
Popilasyon pa kapab anko nan kouri monte, kouri desann kòz tout zòn bandi ap feraye epi pran kay an otaj, vyole tifi ak granmoun.
Koman moun ak zam tap fè alèz si pat gen konplisite ak moun ki nan leta?
Pou sa kap pase Anlè Petyon Vil, Medivye, Laboul, Malik, Taba, Wout frè, Kenskòf, Bèlè, Solino, Site Solèy poun site sa yo sèlman, pou okenn repons pa pote pou pèmèt moun viv.
Apati jodi a nou konvenki, konviksyon nou fèt sou sa kap pase nan peyi dayiti. Nou fas ak yon Leta Ganstè. Nou klè sou sa. Yon Leta kap finansye gwoup ame.
Komanse depi nan premye minis, minis, sekretè deta, direktè Jeneral, tout fè pati rezo sa. Ariel Henry se premye pèsonaj, premye majò jon rezo sa ki gen san popilasyon sa sou men l.
Pou Otantifikasyon :
Me Gesnel PIEERE, Av. Kowòdonatè Jeneral ECCREDHH
Me Louimann MACEUS,av Sekretè Jeneral ECCREDHH.