ANILASYON LANSMAN BRANCH SOSYETE KOUKOUY DÈLMA
Pòtoprens, lendi 30 janvye 2023 ((rezonodwes.com))–
Komite pou tabli branch Sosyete Koukouy Dèlma salye w epi prese fè ou konnen li oblije anile lansman branch Sosyete Koukouy Dèlma ki te prevwa fèt madi 31 janvye 2023 nan Paradis 33, Delmas 33.
Lè nou konsidere klima tansyon nan peyi a depi kèk jou mete sou mouvman polisye yo, ak anpil regrè, nou rann nou kont sitiyasyon sila pa pèmèt nou lanse branch Sosyete Koukouy Dèlma. Komite a ap kenbe ou enfòme sou pwochen dat l ap kenbe pou òganize aktivite sila.
N ap raple, pi ansyen òganizasyon kiltirèl ayisyen ki an aktivite a, Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy tanmen depi desanm 1965.
L ap travay san rete pou devlòpman lang, literati ak kilti kreyòl ayisyen an lajman laj. Se menm rezilta travay sila yo ki vin debouche sou djougans anpil jenn gason ak jenn fanm genyen nan sosyete nou an pou ekri nan lang kreyòl ayisyen an san vye konplèks ak prejije.
N ap raple w, Sosyete Koukouy travay fondamantalman nan fè pwomosyon ak valorizasyon lang, kilti ak literati natif natal la.
Pandan n ap tann yon lòt jou sa pou nou rankontre ou epi pou w ede nou mete plis koulè nan aktivite sila, komite a mande ou resevwa gwo salitasyon li ak anpil lizay.
Pou Komite a:
Anivince JEAN BAPTISTE Iléus PAPILLON Vis-Prezidan Prezidan
Hugline LOUIS Jocelyne PIERRE Sekretè Trezoryè
Sagesse MESSERNE Delege