Ayiti Koupe Fache, Kwonik n°11 : abi ak vyolans sou Ayisyen an Dominikani

0
1157

Ayiti Koupe Fache se yon kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan. N ap pote solidarite ak lit tout moun k ap goumen kont lenjistis, lesplwatasyon ak represyon.

Jounen jodi a, n ap denonse ak tout fòs nou, move tretman, abi ak vyolans frè ak sè nou yo ap sibi an Repiblik Dominikèn. Gen anpil konfizyon gouvènman ak klas reyaksyonè yo an Dominikani ap simaye sou kesyon « Ayisyen » an Dominikani. Gen omwen 4 diferan kategori moun ki sible nan represyon ak pèsekisyon « Ayisyen » yo jounen jodiya an Dominikani, yon gwoup ki gen anviwon 800 mil moun ladann: 

1-    Resòtisan dorijin ayisyèn an Dominikani. Yo se sitwayen dominiken ki gen paran dorijin ayisyen.

2-    Imigran dorijin ayisyèn an Dominikani. Menm jan ak imigran toupatou nan lemonn, se moun ki ap chèche entegre yon lòt peyi pou tabli tèt yo ladann. Sèten nan yo gen dokiman legal, dòt ap chèche jwenn yon fason pou legalize stati yo.

3-    Travayè migran ayisyen an Dominikani. Se travayè migran ayisyen ki an Dominkani selon yon kontra travay tanporè. Se ka sèten ouvriye nan batey yo.

4-    Moun ki sanble ak kategori moun sa yo paske yo gen po koulè fonse. Menm si se Dominiken natif natal yo ye.  Gen touris nwa kankou nwa ameriken ki konn viktim.

Li enpòtan kenbe kont diferan kategori sa yo paske yo chak gen diferan dwa legalman an Dominikani ak selon konvansyon entènasyonal yo. Se yon erè si nou annik rele yo tout « ayisyen ». Premye kategori a se sitwayen dominiken. Dezyèm kategori a nan diferan stad tranzisyon pou yo vin sitwayen dominiken. 2 premye kategori yo konstitye majorite moun ki sible nan vag represyon ak pèsekisyon an jounen jodiya an Dominikani. 

Depi plizyè jou, gouvènman Abinadè a, ap chase moun nan 4 kategori sa yo tankou bèt. Yo pran yo nan lari, lakay yo ak tout pitit yo, oubyen nan anpil ka, yo separe paran yo ak timoun yo, timoun ki fèt an Dominikani, yo kraze kay yo, epi yo pimpe yo ann Ayiti. Dapre yon pòtpawòl Ajans Nasyon Zini pou Timoun, gen omwen 1,800 timoun otorite Dominiken yo ekspilse ann Ayiti san paran yo. Sa se yon zak kriminèl, yon zak inimen. Se yon krim kont limanite.

Menm jan ak diskriminasyon anti-imigran osnon diskriminasyon rasyal nan anpil peyi, difizyon zenofobi anti-ayisyen an se yon politik klas dominan reyaksyonè dominiken yo ap itilize lontan pou jistifye esplwatasyon a outrans travayè migran ayisyen yo, an aptikilye nan batey yo ak nan chantye konstriksyon yo. Pandan klas dominan reyaksyonè yo ap si-esplwate ouvriye migran ak imigran yo, yo fè ouvriye natif-natal dominiken yo konprann yo « twò bon » pou sèten travay, tankou travay latè. An reyalite, se tout klas ouvriye dominiken an ki viktim. Rezilta a se ogmantasyon esplwatasyon klas ouvriye a globalman. Kapitalis dominiken yo rive ralye yon gwo pòsyon nan popilasyon an Dominikani nan prejije anti-ayisyen an, kote tout pwoblèm soyete a vin tonbe sou do « Ayisyen » yo, pandan reyaksyonè dominiken yo ap gagote sou do klas domine esplwate yo. 

Tout moun konnen, yon gouvènman pa gen dwa depòte moun konsa, men ou pa tande okenn sanksyon kont gouvènman Abinadè a. Leta Dominiken an vyole Atik 22, alineya 9 Konvansyon Ameriken Dwa Moun ki di : « Ekspilsyon kolektif entèdi! » Repiblik Dominikèn refize aplike Pwotokòl Dakò an 8 Pwen 1999 la sou mekanis rapatriman Travayè imigran ayisyen. Pwotokòl Dakò 1999 la te espesifye kilè rapatriman yo ka fèt (pa ekzanp, yo pa ka fèt ant 6 zè diswa a 8 tè dimaten, epi wikenn Samdi ak Dimanch), epi pa dwe gen separasyon timoun ak paran yo, gen kesyon rekiperasyon salè ak byen moun yo anvan rapatriman an, gen kesyon kominikasyon lis non moun leta Dominiken deside depòte yo bay konsila Ayisyen yo alavans, elatriye. Gouvènman Dominiken an pa janm respekte okenn nan pwen sila yo nan Pwotokòl Dakò 1999 la. Leta Dominiken an nan ilegalite total sou kesyon rapatriman/depòtasyon yo.

Gouvènman dominiken an konnen li ka maltrete resòtisan ak imigran ayisyen ak enpinite. Li konnen leta ayisyen an se yon leta tchoul peyi kolon enperyalis yo mete pou defann pwòp enterè pa yo. Se poutèt sa gouvènman dominiken an konnen byen, lè se travayè imigran ayisyen lap touye, l ap matirize, menm si gen deklarasyon, menm si gen kondanasyon, tankou deklarasyon ipokrit Ariel Henri a, li konnen tou sa se pawòl van. Li konnen li ka trete travayè imigran ayisyen tankou pitimi san gadò. Anfèt, gouvènman ayisyen an asyosye ak gouvènman dominiken an nan esplwatasyon ak maltretman ouvriye migran ak imigran ayisyen yo, kote chak ane li renouvle kontra pou voye travayè migran an Dominikani. Nan mouvman resan moun Wanament yo pou fèmen fwontyè Wanament-Dajabon lan ak Baryè Diyite a an pwotestasyon a depòtasyon masif imigran Ayisyen yo, nou rive wè aklè konplisite gouvènman Ayisyen an, boujwazi konpradò ak politisyen sou 2 bò fwontyè a, lè yo peye vakabon ak lapolis pou te vin louvri baryè a ak lafòs. Gouvènman ayisyen popetwèl la menm rive al mande gouvènman dominiken an padon poutèt popilasyon Wanament la te fèmen fwontyè a. Sepandan mouvman pou rive fèmen fwontyè a epi kenbe l fèmen ap kontinye. Toudmenm, nou konsyan se move kondisyon lavi travayè ayisyen yo ann Ayiti ki fè dezespwa fè yo al bouske yon lavi miyò an Dominikani. Leta ayisyen an responsab deperisman lavi travayè yo ann Ayiti.

Gouvènman Abinadè a se yon gouvènman rasis k ap swiv menm politik rasis reyaksyonè kriminèl anti-pèp Trujillo ak Balaguer. N ap raple Trujillo te fè asasine plis pase 20.000 travayè migran ak imigran ayisyen nan mwa Oktòb 1937, sa gen 85 an deja.

Nan yon atik 28 novanm 2022, Listin Diario, yon jounal dominiken, deklare « Repiblik Dominikèn se peyi ki mwen rasis ann Amerik » epi « Repiblik Dominikèn nan lagè kont Ayiti ». Deklarasyon sa a mete aklé ipokrizi klas dominan dominken yo. Pandan y ap masakre, maltrete, toupizi epi esplwate travayè migran, imigran ak resòtisan ayisyen yo, yo deklare se ayisyen pòv ki ap anvayi Repiblik Dominkèn. 

Nap raple tou, anpil konpayi ki te tabli tèt yo an Dominikani, tankou konpayi sik, konpayi ki bati lotèl, ki lan konstriksyon, se sou do anpil travayè Ayisyen yo fè richès yo. Pandan okipasyon blan meriken sou peyi d Ayiti nan lane 1915 jiska lane 1934, meriken yo te fòse plis pase 250.000 peyizan ayisyen al travay lan gwo konpayi sik lan Repiblik Dominikèn ak Kiba. Nan lane 1940 yo, Meriken yo te sezi plis pase di mil kawo tè nan peyi a pou yo te plante plant kawotchou. Anpil peyizan te pedi tè yo. Akoz move kondisyon lavi, depi lontan, te toujou gen travayè ayisyen ki t al vann fòs kouraj yo an Repiblik Dominikèn pou po patat. 

Li enpòtan pou nou konprann, travayè imigran Ayisyen k ap vann fòs kouraj yo an Dominikani, k ap fè richès boujwazi dominiken an ak konpayi etranje, se menm kalite travayè sa yo klas dominan yo, boujwazi ayisyen an, ap toupizi, epi ap eksplwate nan mendèv bon mache ak salè mizè, salè pwatrinè, salè tibèkiloz la ann Ayiti. Se menm travayè sa yo leta ayisyen an pa bay okenn dwa, e ap toupizi ann Ayiti. Se poutèt sa, lit n ap mennen an se yon lit travayè kont klas boujwa a ak leta pouri a, kèlkeswa peyi kote boujwazi ak leta sa a ye. 

Nan reyalite lavi a, divizyon Lemond an diferan peyi toujou sèvi enterè klas boujwa, kapitalis k ap esplwate travayè yo. Travayè pa gen peyi. Tout Planèt Latè a se peyi travayè! Se poutèt sa, fòk nou tout travayè fè solidarite toupatou nan lemond. Li enpòtan anpil pou klas travayè dominiken yo denonse ak tout fòs yo move trètman ak represyon travayè migran, imigran ak resòtisan ayisyen yo ap sibi nan Repiblik Dominikèn. Nou salye diferan òganizasyon an Dominikani ki deja reponn apèl sa a. Ayiti Koupe Fache ap fè apèl a tout travayè atravè lemond pou nou fè solidarite ak travayè ann Ayiti ak nan Repiblik Dominikèn k ap sibi move tretman nan men leta reyaksyonè yo nan tou de bò zile a. LIT OTONÒM ÒGANIZE TRAVAYÈ TOUPATOU NAN LEMOND SE YON SÈL KONBA! 

Aba Represyon Kont Travayè Migran, Imigran ak Resòtisan Ayisyen an Repiblik Dominikèn!

Aba Gouvènman Reyaksyonè Rasis Abinadè a! Aba Gouvènman Tyoul Arièl la!

Viv Solidarite ant Travayè Dominiken ak Travayè Ayisyen Sou Tout Zile a!

Viv Solidarite Travayè Toupatou sou Latè!   Solidarite Se Lavni Nou Tout!

Raoul Gérard

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.