Marvel Dandin : Nan disèt wotè pri gaz la, “fòk ou gen anpil mepri pou pèp Aysyen”, pou on moun antre nan alyans ak Ariel

0
2248

Lendi 14 novanm 2022  ((rezonodwes.com))—Lavi nan peyi dAyiti ap vin pi di chak jou Bondye mete e se va fèt Nwèl kap pi difisil ke pèp Ayisiyen poko janm konnen depi ekip Tet Kale|PHTK-SDP-Fusion-MTV rive sou pouvwa a san manda ak pou sèl misyon dekonstonbre peyi a nèt e ran mounn pòv yo vinn pi pòv.

Bò kote pa l, analis politik Marvel Dandin nan premye analyz pou semen nan voye yon avètisman bay pakèt bann lidè kap fonse tou dwet e tèt bese nan yon konpwomi ak pouvwa kriminel Ariel Henry a. ”Yon alyans ak Ariel nan wotè pri gaz la ye la a, fòk ou ta gen anpil mepri pou pèp Aysyen an” ko-fondatè Radio Kiskeya a deklare.

Li te poze tèt li kesyon nan men analyz refleksyon sila, pou l konnen kisa lidè sa yo ap jwenn an retou nan men Ariel Henry, yon non ki plis ke mwatye popilasyon vomi pou plizyè rezon patikilyeman pou danse kole ak gang yo epi miche pa klè akoz ke non li site nan asasina yon prezidan.

Ariel Henry ki se yon chanpyon nan imobilis, soti poul make pwen depi yon dal lidè ki gen nan yo ket grenn ki pat janm mande manifeste kont pouvwa sa a pou tout zak kowipsyon ak enkonpetans manm li yo.

Pandan l ap pase anba pye Konstitisyon peyi-a, li nome yon prezidan nan Kou Kasasyon pou ka pèmètt pita KEP-Dermalog PHTK-SDP-Fusion prete sèman san pwoblèm pou vin ak eleksyon malathconn fo mamit tankou sa te fè an 2010 pou Michel Martelly.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.