Ayiti Koupe Fache | Kwonik #10 : Entèvansyon militè pou rezon imanitè

0
1304

Lendi 14 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Ayiti Koupe Fache se yon kwonik ki pote solidarite ak lit ouvriye, lit travayè ak lit peyizan. N ap pote solidarite ak lit tout moun k ap sibi lenjistis, esplwatasyon ak represyon.

Ayiti Koupe Fache ap prezante nou Kwonik #10, 2èm pati, sou kesyon entèvansyon militè konze Ayisyen yo ak peyi kolon enperyalis yo ap prepare pou rezon imanitè. 

Entèvansyon militè pou rezon imanitè

Depi gouvèman restavèk PHTK a ak alye li yo deside mande fomèlman okipasyon militè peyi Ayiti jou ki te 6 oktòb 2022 a sou pretèks kriz imanitè, nou kapab konstate anpil dilijans ap fèt nan peyi enperyalis yo pou prepare opinyon piblik sitwayen lakay yo pou al okipe Ayiti yon fwa ankò. Etazini ak Kanada pran devan nan travay sa.

Li enpòtan pou n souliye tou, kesyon entèvansyon militè a pèmèt nou wè aklè gwo separasyon klas ann Ayiti kote laboujwazi bat bravo pou demach okipasyon an. Nòt sektè patwonal ak chanm komès yo se yon prèv ki montre kouman patron yo kontan pou fòs militè etranje vin anvayi peyi a. Anpil eleman nan tiboujwazi a ki se pòtvwa boujwazi a pa sispann klewonnen sèl espwa Ayiti se okipasyon. Se pawòl nou jwenn nan bouch Georges Michel pa egzanp. Nan dyaspora a, Jean Marie Theodat, Frederic Boisrond sèvi ak pozisyon yo kòm pwofesè pou defann nesesite yon entèvansyon militè rapid ann Ayiti.  

Si klas boujwa ayisyen an ak enteleksyèl k ap sipòte yo ap fè anpil lòbi pou ranfòse dominansyon sou peyi a, fòk nou souliye klas oprime yo nan peyi a denonse non sèlman demand okipasyon men tou, yo manifeste an mas kont tout okipasyon militè ann Ayiti. Yo konprann apre anviwon 10 misyon militè okipasyon nan mwens pase 30 lane, okipasyon militè pou bay kapitalis ayisyen jarèt pa nan enterè yo. Pou klas travayè yo, pou klas oprime yo, kesyon imanitè a se yon pretèks pou defann enterè enperyalis ameriken ak kanadyen ann Ayiti. Kidonk, fòk yo konbat li ak tout gouvènman restavèk PHTK a.

Jan entèlijans klas oprime yo montre sa, okipasyon militè toujou chita sou pretèks ki kache vrè rezon an. Nan lane 1915, se te pou fè modènizasyon; 1994 se te pou pote demokrasi; 2004 se te pote estabilizasyon. An reyalite vrè rezon an se ranfòse dominasyon ekonomik, politik sou peyi a pou fè kapitalis peyi enperyalis yo ak Etazini antèt fè toujou plis lajan kote yo ap kapab piye pi byen travayè ayisyen yo pandan yo ap lage myèt nan men kapitalis ayisyen yo. Jounen jodi a se pretèks imanitè yo mete devan. Kòmkwa, Leta ameriken ak kanadyen ta gen lapèn pou vyolans ak lamizè kap taye banda nan peyi dAyiti depi plizyè lane ki vin agrave jounen jodi a!!

Pandan Etazini ap fè pwopagann pou yon entèvansyon militè imanitè, l ap agrandi prizon yo nan Gwantanmo pou anprizone ak refoule ilegalman migran Ayisyen yo kenbe sou lanmè oubyen sou fwontyè. Ala ipokrizi!

Se vre kriz imanitè nan peyi d Ayiti ap agrave depi lontan. Rejim PHTK a vin ranfòse l piplis ankò nan kontinye aplike politik FMI ak Bank mondyal ap dikte pou detwi tout kapasite sektè pwodiksyon peyi a. Se vre devan politik enpopilè sa yo, gouvènman PHTK ranfòse gang yo pou chita represyon sou klas popilè yo nan yon nivo ekstrèm.  Sa kreye yon sitiyasyon imanitè nan peyi a, espesyalman nan zon metropolitèn nan ak nan prensipal depatman peyi a. Kidonk, kriz imanitè a reyèl nan peyi d Ayiti epi l ap anvlimen lontan.

Fòn raple tou, politik sa yo te toujou mennen pandan okipasyon militè peyi a oubyen avèk gwo sipò diplomatik Leta meriken, Kanada ak tout sila yo ki nan ‘‘CORE Group’’ la. Pa egzanp, Matelly, Jovenel Moise ak Ariel Henri ki mennen politik sa yo nan ekstrèm limit yo toujou jwenn gwo bourad diplomatik non sèlman pou yo rive nan pouvwa men tou pou yo kenbe l malgre tout batay revankatif klas oprime yo. Malgre kriz imanitè a ap kontinye anvlimen, malgre kolera ap rann li pi grav toujou, li klè tankou dlo kòk pou mas yo, kalamite sa yo gen siyati. Se rezilta politik k ap aplike nan enterè klas boujwa ayisyen yo ak enperyalis yo.

Tout entèvansyon militè jounen jodi a ap vin ranfòse enterè klas dominan sa yo epi konsolide gouvènman restavèk PHTK ak alye li yo. Li klè tou, gouvènmam restavèk la ak boujwazi a pa gen kapasite pou kontinye fè klas oprime yo obeyi. Mobilizasyon pou ranvèse leta apated ayisyen an jounen jodi a ap kontinye gwonde. Malgre tout masak, zak sasasinay, grangou ak malsite, mobilizasyon an kole nan dengonn yo. Yon okipasyon militè se mwayen pou eseye kase mobilizasyon an. Se vrè rezon ki fè enperyalis kanadyen ak meriken ap foubi fizi yo pou yo al sipòte gouvènman restavèk la ak boujwazi Ayiti a, yon fason pou kenbe peyi a anba dominasyon yo.

Pou n fini, n ap raple entèvansyon toujou ranfòse kriz imanitè ak plis destatabilizasyon ann Ayiti. Sa vre tou, lòt kote nan mond lan, tankou jan sa te pase Irak, Libi, Somali oubyen Afganistan. Ann Afganistan, pa egzanp, nan anpil rejyon moun oblije ap vann ògàn yo pou achte manje apre Etazini ak alye yo fin anvayi ak okipe peyi sa a pandan 20 lane.

Se pou sa nou menm nan Ayiti koupe fache, nou ankouraje klas travayè a ak klas oprime yo pou kontinye batay rezistans kont tout entèvansyon peyi enperyalis yo nan peyi d Ayiti. Nou lanse yon apèl solidarite pou klas travayè peyi amerik latin, amerik di nò, afrik la pou pote kole ak klas travayè ak tout klas oprime ann Ayiti non sèlman kont entèvansyon militè etranje an Ayiti men tou pou jete baz bon òganizasyon otonòm ak zouti politik kont enperylalis yo. 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.