Atis ayisyen Richy Jay nomine nan Kilimandjaro Awards 2022 nan peyi Kanada

0
894

Richard Verdieu alyas Richy Jay nomine nan 3 kategori konkou Kilimandjaro Awards ki se yonn nan pi gran evenman mizik pou atis ki sòti an Afrik, Amerik dinò ak Karayib la. Atis la seleksyone pou meyè albòm 2022, meyè atis gason ak meyè vwa gason pou lane 2022 a. Seremoni pou remèt pri yo ap fèt 19 novanm pwochen nan The Pavilion Toronto, Toronta peyi Kanada.

Jedi 10 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Jèn chantè a ki ranpòte deja 2 pri nan konkou Kilimandjaro Awards an 2018 pou meyè vwa gason pou lane a e pri meyè atis pou lane 2019, fè konnen nominasyon yon atis nan yon konkou ede l gen plis konfyans pou l travay plis daprè sa l rapòte medya Loop Haïti.

Pou nominasyon l nan Kilimandjaro Awards 2022 a, atis la fè konnen li swete genyen yon lòt fwa konkou a pou l ogmante palmarès li. » M swete ranpòte pri meyè albòm pou ane a paske se sèl tit m manke nan palmarès mw », pawòl chantè a deklare.

Kilimandjaro Awards se yon konkou ki egziste depi lane 2015. Pri Kilimandjaro Music Awards – KMA se yonn nan pi enpòtan seremoni ki rekonpanse atis afriken k ap viv an Amerik dinò ak karayib la.

Pri sa fèt nan lide pou fè pwomosyon talan ak karyè atis afriken oubyen nwa pou kontribisyon yo nan milye kiltirèl peyi Kanada.

Bidler Nelson
bidlernelson@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.