26 septembre 2025
Lapolis touye ak bal youn nan bwa dwat chèf Gang Kanaran an,  »Djòl »
Actualités Kreyòl Société

Lapolis touye ak bal youn nan bwa dwat chèf Gang Kanaran an,  »Djòl »

Mèkredi 9 novanm 2022 ((rezonodwes.com))–

Youn nan bra dwat chèf gang Jeff moun konnen sou non “Djòl” ki tap dirije yon blòk nan Kanaran touche mòtèlman nan echanj kout zam avèk lapolis nan kad yon entèvansyon Lapolis tap fè nan zòn Koray-Seslès jodi madi 8 novanm nan.

“Djòl” se youn nan bandi ki enplike nan anpil move zak sou wout nasyonal nimewo 1 an tankou brakaj, vòl, detounman kamyon machandiz, kidnapin, kadejak elatriye.

Depi plizyè semèn Direksyon Depatmantal Lwès 2 polis la tanmen yon ansanm operasyon pou derasinen bandi ki vle achte zòn sa lajan kontan.

Nap raple nan dat 19 oktòb 2022 a, lapolis te arete chèf gang Kanaran 90 la, Jonès Firmin alyas “Timèt” pou enplikasyon prezime li nan asasina Jean Claude Desravine ki te yon anplwaye enstitisyon lapolis la. “Timèt” ak bandi l yo te mete dife sou viktim nan ak tout machin li.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.