BSA | « Kriz ki la pwograme » e « se yon plan byen monte pou gang ame yo rive kreye sitiyasyon kawo nap viv jodi a »

0
1770

bsa di tou wo sa anpil moun ap di byen ba depi kèk jou a savwa ke se yon kriz « préfabriquée ». PHTK, quelle méchanceté!

POZISYON BIWO SWIVI AKÒ (BSA) 30 DAWOUT 2021 AN / AKÒ MONTANA
SOU DENYE EVOLISYON SITIYASYON KRIZ PEYI DAYITI

Biwo Swivi Akò 30 dawout la yon lòt fwa ankò ap voye senpati l ak kondoleyans li bay fanmi ak zanmi tout konpatriyòt ki tonbe anba bal gang ame yo ki asyeje zòn metwopòl Pòtoprens nan. BSA voye solidarite bay bann ak pakèt konpatriyòt k ap pran swen apre atak yo sibi epi sa debat anba gwo difikilte pou yo deplase, mennen aktivite yo, bay fanmi yo manje, voye pitit yo lekòl elatriye.

Sitiyasyon mafreze sa a popilasyon an ap viv la a, Montana bouke denonse l pou sa l ye a : yon konstriksyon. Se yon plan byen monte pou kraze tout enstitisyon nan peyi a, eklate sosyete a epi lage l nan men gang ame pou kreye sitiyasyon kawo n ap viv jodi a, yon mannyè pou nenpòt ti soulajman ka sanble solisyon. Paralizi total kapital tout aktivite nan 4 kwen peyi a melanje ak vyolans avèg k ap frape tout moun lan, bay gouvènman Ariel Henry a pretèks pou mande rapidman entèvansyon militè etranje nan peyi a.

Pou BSA a demann rapid vit sa a pou swadizan vin rezoud pwoblèm blokaj gaz la, ensekirite ki monte disèt wotè ak kriz imanitè a rantre dwat nan konstriksyon sa a. Se yon pyès teyat sinik, ki byen monte. Laprèv plizyè aktè, kit se nan politik kit se nan sosyete sivil, gen tan ap mande konpwomi istorik ak gouvènman Ariel Henry a pou swadizan debloke peyi a, sètadi yo pare pou siyen papye pou ranfòse demann entèvansyon militè etranje sou tè Desalin nan.

BSA a ap redi ankò dechènman kriz ki la pwograme. Titèl entènasyonal la patikilyèman pisans etranje ki nan tèt li a, oligachi lokal la ak politisyen sibreka yo gen gwo responsabilite nan kreye lanfè sa a epi se yo ankò ki pi tèktèk pou mande debakman militè etranje. Majorite popilasyon an konprann jwèt la e yo leve kanpe nan 4 kwen peyi a pou di NON. Majorite pèp ayisyen an opoze l ak tout demach ki gen prezans gouvènman Ariel Henry a ladan l ki komèt krim wot trayizon nan mande debakman twoup etranjè sou tè Desalin nan.

BSA ap redi ankò, kriz ki gen la pa bezwen debakman militè etranjè pou l rezoud. Solisyon ka jwenn ak yon veritab gouvènman konsansis alatèt peyi a, bon jan sanksyon kont oligak ak politisyen k ap sipòte gang, netwaye PNH la pou wete tout polisye ki afilye ak gang ame yo, mizanplas inite espesyalize nan lapolis la pou kontwole pò ak fwontyè yo epi deplwaye bon jan estrateji ak taktik, teknoloji ak materyèl adapte pou lite kont gang ame yo. Se nan kad yon demach konsa tout sipò teknik ak solidarite kominote entènasyonal la ap byenvini.

Akò Montana a paka anpeche okenn aktè nan sosyete a, okenn pati oswa regwoupmanpolitik, okenn akò oswa kowalisyon akò, chwazi wout yo vle pou defann enterè yo. Se fèy papye listwa k ap toujou la pou jije konpòtman chak moun. Alèkile, pozisyon majorite pèp Ayisyen an klè, pozisyon Akò Montana a klè kou dlo kokoye, li pap bay kowòm ak okenn inisyativ k ap garanti pou sistèm mafreze a rete anplas (estatikwo) epi ankouraje debakman militè etranje. Men l ap mete tout ladrès li ak tout fòs li nan travay ansanm ak lòt aktè pou tranzisyon koupe fache a tounen yon reyalite.

Entèlijans politik, òganizasyon, rezistans, mobilizasyon sitwayèn, se limyè k ap klere chimen viktwa pèp la !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.