Colonel Rébu: « Kèlke swa moun kal chèche fè konpwomi ak Ariel Henry, ou tou fini sou teren an tou »

0
1671

Dòktè Josue Renaud (NEHRO): »Otorite nan Sen Domeng ap pase a kote pwoblèm nan tout tan yo refizye asosye pouvwa PHTK ak gan kriminèl yo. Se yon gwo konplo entènasyonal ki genyen sou do pèp Ayisyen-an. Kontinye kale je nou« .

Kanè Monachi henry Nul / PHTK-SDP-Fusion-MTV: Lekòl Eta de Dwa 2022: Ayiti klase 136è sou 140 elèv!

Mercredi 26 octobre 2022 ((rezonodwes.com))–Otorite nan Bahamas gèlè gen foli fou pou yo reve solda yo vin sou tè Dessalines lan, se nan sans sa ansyen ofisye siperyè lame Dayiti a, Kolonèl Himler Rébu, te pale mèkredi maten ak prezantatè Matin-Deba, kote li raple ke LONI ap pèdi pye apre vòt rezolisyon dwa te gòch li a vandredi wa dizan pou’l pini yon sèl bandi san Helen La Lime kise maren’n yo.

Sa se yon jwèt mètdam, Kolonèl la di. « Kote Madan La Lime ki tap bat bravo pou federasyon gang yo devan Konsèy Sekirite a« , se kesyon sa mouche Rebu poze tèt li pandan li wè pa gen pyès avni pou Dòktè Ariel Henry, yon gwo « konze » ke listwa ap gen pou jije kant menm.

« Kelke swa moun kal rantre nan konpwomis ak Ariel Henry ou tou fini sou teren an« , se konsa Himler Rebu voye yon pinga bay nèg ak fanm ki gen souf kout kita soti pou fè konpwomi ak yon « apatrid » ki pa gen pyès lejitimite pou mande fòs peyi etranje vin okipe peyi’l.

Selon Rebu ki se mèt pawòl li lè lap pale, « se premye fwa ou pa tande klaxon machin Minis nan la ri, tankou lontan, tout Minis nan kache depi yo fin poze zak trayizon sa« .

« Sa se yon blag zafè Bahamas ki di li prè pou voye solda’l yo », ansyen minis la ri koze sa epi li ajoute « seta yon frekansite pou jan Bahamas ap sèvi ak konpatriyòt nou yo lakay yo epi yo gen foli janbe lnmè vin pa bò isit« .

Pou’l fini, Himler rebu di ke « Ameriken yo konn byen klè sa pou yo fè pou rezoud kriz la« . Li fè alizyon ak Ariel Henry ki se yon kansè pou peyi-a e ke plas li pala ankò. « Mwen te wèl deja eke rezolisyon sa a patap pase« .

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.