Pozisyon Kayla ak Kozpam sou entèvansyon etranjè pou kase mobilizasyon pèp ayisyen an

0
1097

POZISYON PIBLIK KAYLA AK KOPZPAM  SOU ENTÈVANSYON MILITÈ ETRANJE POU KASE MOBILIZASYON PÈP AYISYEN AN KONT SITITYASYON DIFISIL AN AYITI KI MAKE AK LAVI CHÈ, GRANGOU, ENSEKIRITE…

Konbit Ayisyen pou Lojman Altènativ (KAYLA) ak KOZPAM (Plateforme des associations communautaires de la zone métropolitaine) voye yon gwo kout chapo pou rezistans pèp ayisyen an k ap batay chak jou ki jou pou lavi miyò anndan peyi d Ayiti ki rele tout Ayisyen chè mèt chè mètrès. Nan yon kontèks kote lavi pa vle di anyen pou yon ti gwoup konze ki regwoupe tèt yo anndan yon zouti politik ekstrèm dwat ki rele PHTK twazyèm vèsyon epi ki jwenn sipò san mezi  kominote  entènasyonal  ènmi  Ayiti  an  ki  rele  CORE  GROUP.  Yonn  nan  karakteristik gouvènman PHTK sa se Kreye lavi chè, masakre popilasyon an, fè kidnapin, boule Kay moun nan Katye popilè yo, fè represyon sou manifestasyon nan enstrimantalize Polis nayonal peyi a. KAYLA AK KOZPAM konstate ki mannyè pouvwa ap simen latwoublay nan mitan mouvman popilè a nan mete gang G9 nan lari, ki se gwoup ame pouvwa PHTK a te federe nan lane 2020, anba gwo aplodisman  madan Hélène  Lalim,  reprezantan  espesyal  sekretè  jeneral  ONU an  Ayiti  epi  chèf BINUH ak Antonio Guterres kòm sekretè jeneral ONU, yon fason pou diskredite mobilizasyon Pèp ayisyen an.

KAYLA  ak  KOZPAM  kwè  Sitiyasyon  difisil  Peyi  D  Ayiti  ap  konnen  jounen  jodiya  se  yon sitiyasyon ki kale nan laboratwa gwo peyi enperyalis yo ki pa ka gwo san yo pa rann lòt peyi piti, san yo pa domine lòt peyi nan simen latwoublay pou yo kapab toujou prezante tèt yo kòm solisyon. Men nou konnen p ap janm ka gen bon jan solisyon ak menm metòd ki fè pwoblèm lan. Nou kwè fèm, volonte ki genyen pou voye fòs militè etranje sou tè zansèt nou yo te batay pou pran Libète anba kolon Franse yo rantre nan menm Pratik kolonyal la, ki pa kapab wè Ayiti kòm yon peyi Lib, yon peyi ki ka panse solisyon pou tèt li epi pran wout chanjman k ap bon pou li, men yo vle toujou trete Ayisyen tankou esklav.

Pratik entèvansyon militè sa yo kite anpil gou anmè nan bouch nou. Nou sonje 28 Jiyè 1915, debakman  enperyalis  Ameriken  pou  okipe  peyi  a,  masakre  peyizan,  chanje  tout  òganizasyon

sosyete a epi kreye yon lòt fòm òganizasyon pou rive kontwole peyi a menm lè pa gen prezans militè. Nou sonje tout Misyon ONU yo sou peyi a ki pa t janm bay anyen kòm solisyon¸ nou sonje patisipasyon militè MINUSTAH yo nan vyole Fanm ak Tifi, vòlè kabrit peyizan yo ki se byen yo, nan bay kolera ki touye plis pase 10 000 Ayisyen pandan peyi a poko jwenn jistis poutan te gen MINUJUSTH. Se nan reyalite sa « Core group » nan kolaborasyon ak yon bann minis ayisyen trèt deside mete peyi a yon lòt fwa ankò anba lokipasyon.

Se pou sa n ap denonse ak tout fòs nou okipasyon militè sa ki vle blayi sou peyi a pou kontinye sabote batay mas popilè ayisyen an pou rapatriye dwa gran dèt peyi a. N ap denonse aksyon 19 minis sa yo ki dakò tounen ti jwèt a pil Core group, ki pa ni lejitim ni kredib pou pran desizyon nan non pèp Ayisyen. N ap denonse alyans gang ame yo ak pouvwa PTHK a ki se prensipal sous ensekirite anndan peyi a. Yon lòt bò, nou vle denonse tou move kondisyon ouvriye yo nan zòn franch yo, espesyalman nan CODEVI kote militè Dominiken debake sou tèritwa Ayisyen pou vin matrake ouvriye yo anba konplisite leta ayisyen ki se restavèk oligachi nasyonal ak entènasyonal la.

KAYLA ak KOZPAM kwè nan yon solisyon Ayisyen, pandan n ap mande pèp Ayisyen rete vijilan pou pa tonbe nan pyèj entèlektyèl ak medya k ap defann sistèm dominan an k ap monte opinyon piblik la anfavè yon entèvansyon militè nan rale yon bann egzanp ki pa kanpe sou anyen pou montre Ayisyen pa ka rezoud kriz la. Se yon manyè pou montre pa gen Altènativ, men nou konnen se yon gwo manti. Se pèp Ayisyen ki te batay pou endepandans li pou bay tèt li yon lòt modèl lavi, se Peyizan Ayisyen ki te reziste kont lokipasyon ameriken an, se pèp ayisyen ki te kouri dèyè makout Divalye yo anndan peyia. Wi nou kapab bay tèt nou sekirite nan kolaborasyon ak yon polis nasyonal ak yon lame ki dwe pwoteje ak sèvi epi pwoteje tèritwa nasyonal la tout bon.

ABA PHTK ! ABA CORE GROUP! ABA G9! ABA BINUH! ABA LOKIPASYON AMERIKEN!

VIV YON AYITI KI GRANMOUN TÈT LI! WI NOU KAPAB !

          Francia Pierrette  
Kòdonatè Jeneral KOZPAM

Jean Robert PIERRE
Sekretè Egzekitif Kayla                                                                        

3445-8602

Hudthy

Responsab kominikasyon Kayla

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.