RASANBLE ak 15 lòt pati politik alye deklare solisyon pwoblèm pèp la se nan men pèp la yo ye

0
1100

RASANBLE ak 15 lòt pati politik alye yo voye yon gwo kout chapo pou popilasyon an nan 4 kwen peyi a pou batay yap mennen kont pouvwa PM Ariel Henry ak tout ekip enkonpetan ki akonpayel yo. 

RASANBLE ak alye li yo konstate avèk anpil lapèn sa fè plis pase 2 mwa peyi a fèmen, lidè politik yo, sektè prive a, sosyete sivil la pa janm kapab antann yo pou propoze yon solisyon politik, ekonomik ak sosyal pou satisfè popilasyon ayisyen an kap soufri chak jou anba gouvènans enkapab, anba bal ensekirite ak kidnaping.

Malgre timoun nan peyi dayiti pa kapab ale lekôl depi preske 2 mwa, Malgre tout kalite problèm kap kraze pèp la, sa pa di ni group nèg ak fanm ki nan pouvwa a ni sa ki pa nan pouvwa anyen. 

RASANBLE ak alye li yo konstate yon lòt kote gouvènman bèbè ak soudè Ariel Henry a kontinye kanpe ap gade pèp la kap mouri san kanpe. Li pito ap tann tonton blan kap pote benediksyon pou li kapab rete nan tèt peyi a pou kontinye souse san tipèp la. 

RASANBLE ak alye li yo kwè nan yon fòs espesyalize ki vize ankadre PNH la ak Lame Dayiti pi nesesè pou kapab kwape ensekirite andedan peyi a epi pou òganize eleksyon jeneral pou mete otorite lejitim nan tèt peyi a. Men Ayiti pa bezwen okenn fòs pou vinn proteje enterè yon ti group kont enterè mas pòv yo. 

RASANBLE ak alye li yo ap di Pèp la solisyon ak problèm ensekirite, kidnaping, problèm grangou, problèm gaz la, problèm chomaj la nan se nan men’l li ye. 

RASANBLE ak alye li yo ap adrese’l ak Jèn fanm, Jèn gason ki nan mobilizasyon yo, ki swaf chanjman, ki dezespere, kap chache lespwa toupatou, nap di yo nou vle pote van chanjman an ansanm avèk yo kote yo vle rive a. 

RASANBLE ap toujou rete kanpe bò kote pèp la.

Delma, 20 oktòb 2022 

Innocent JOSEPH
Prezidan

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.