Timoun ki nan lari apre masak Site Solèy la, sa n ap fè ak yo?

0
2287

Jedi 20 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))–

Dènye masak ki fèt nan Site Solèy yo fè anpil moun deplase kite lakay yo. Pifò nan yo sou plas Mayi Gate a (plas Hugo Chávez la), men tou gen sa ki nan tout lari a, sou twotwa yo, nan kwen mi yo, nan mache yo…

Gen anpil jèn fi nan yo. Menm genyen k ap pote pitit sou bra yo, youn oubyen 2 lòt pitit ki ap mache (oubyen chita)ak yo, epi manman yo tou. Sa vle di yon sèl kou ou ka jwenn manman, pitit ak pitit pitit nan yon menm ti kwen ap mande.

Sa grav wi! Men sa ki pi grav epi ki montre nou pa pran ankenn leson sou sa k ap rive nou jodi a, se kantite timoun k ap mande nan lari a.

Lari sa  m ap pale a se sòti sou plas Hugo Chávez la, ki anfas Ayopò entènasyonal nou an, pase zòn 3 Men, pran tout Wout Ayopò a pou rive kafou Ayopò. Aprè sa, se toujou sòti sou plas ki Anfas pi gwo pòt antre Ayiti a, pase pran devan Dwàn Ayopò a, pase devan DCPJ, Direksyon Jeneral PNH la, DDO 2, Baz SWAT ak yon Baz Lame Ayiti pou rive Kafou Fleryo ak tout Kafou Klèsin. 

Lari m ap di w la toujou, se soti sou menm plas sa a ki anfas Ayopò « Toussaint Louverture » la ki vin santi epi sal pase peny ti dan, pou pran wout Mayi Gate a, pase devan MSPP ki tou pre yon pakèt fatra santi (m pa konn si se paske pa gen diferans ant fatra yo ak li ki fè yo prèske menm kote), pou rive kafou Jeral Batay. Pou fini, soti kafou Jeral desann kafou klèsin, w ap jwenn yo sou tout wout la.

Timoun yo sal, yo grangou, yo san pwoteksyon, san kote pou yo domi, san ledikasyon, san lasante, san lanmou, san atansyon pèsonn, san lavi epi menm san lavni.

Pifò nan nou wè malè ki pandye a. Si w poko wè li, panse ak bandi ki popilè jodi a yo, epi mande tèt ou « ki laj yo te genyen nan lane 2004, epi ki kalite vi yo t ap mennen epòk sa? ».

Ou fè sa? Kounya mande tèt ou sa: e si depi nan lane 2004 yon enstitisyon tankou  « Institut du Bien-être Social et de Recherches » te ba yo tout ankadreman  timoun ki te tankou yo te dwe jwenn pou yo pa devye pita, kòman sitiyasyon peyi a t ap ye jodi a? 

Ebyen nan moman sa a, depi 2004 dayè, reyalite lari a pa chanje. Gen yon pakèt timoun ki genyen soti 8 pou rive 15 lane konsa, ti gason sitou, ki ap mache san ankadreman. Yo ap mande, y ap koke nan dèyè machin, y ap siye pye moun, y ap pran bourad, y ap pran desepsyon ak imilyasyon, y ap fè tout sa lide yo di yo nan yon grenn objektif: pou yo jwenn ti lamanjay. Te gen kèk grenn nan lari a avan sa, men dènye masak Site Solèy yo lakoz yo vin plis, sitou nan zòn mwen sot site yo.

Kisa y ap devni lè nou rive nan lane 2032? Anpil nan nou toujou di se jodi a ki konte. Zafè demen? Oubyen n ap tann sila ki nan leta yo pito? A! Moun sa yo pa pyeton, yo pa fè wout santi tankou wout Jeral Batay ak kafou klèsin, yo ka pa menm konnen reyalite sa.

Epitou, menm si yo te konnen li kwè m si w vle yo gen lòt bagay ki pi enpòtan pase avni peyi a pou yo jere. Petèt kèk ladan yo ka menm ap tann timoun sa yo grandi pou kontinye sèvi ak yo kont nou. Yo efikas anpil nan sa.

Nou ki nan Sosyete Sivil la, n ap kontinye pati ak fanmi nou pito? An oke, lè sa pi grav, lè yo pran relèv gang jodi a yo n ap mande pou PNH la gen plis Blennde, oubyen n ap rele blan. Nou pito kontinye jwe wòl yon sosyete Ponpye? Bon nou p ap menm jwenn dlo. Si gen dlo ka pa menm gen gaz. Si gen gaz wout yo ka bloke…

Antouka, m ap raple nou ti verite sa: Lavni se pa reyalite ki vin kontre nou aprè 10 oubyen 20 lane a, men se pito reyalite nou te chwazi a. Nou ka te chwazi li swa ak volonte nou, swa san nou pa t konnen akoz inyorans nou.

Kidonk, ansanm, nou ki se sitwayen ki pa deside oubyen ki paka kite peyi nou, nou te ka kreye yon pwogram ak lajan pa nou pou nou retire tout timoun sa yo nan lari a. Se pa pou yo sèlman nou t ap pran bon desizyon sa-a. Se pou sekirite pa nou, sekirite fanmi nou ak sekirite peyi nou, se pou lavni nou tout. Ann antisipe, ann chwazi reyalite nou ta vle aprè 10 oubyen 20 lane a depi kounya a.

Carlyns JEAN FRANÇOIS

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.