Daly Valet :  »Yon Mapou jeyan tonbe. Latè tranble! »

0
6674

MIKA !

Yon Mapou jeyan tonbe. Latè tranble. Tout yon pèp pantan ap tranble, kriye.

Mikaben pa yon senp atis. Se te yon jeni. Se konsa : depi yon jeni ale, linivè sekwe. Jeni yo pa janm dire anpil sou tè sa. Yo pa mouri. Yo jis vwayaje sou zòd Granmèt la pou yo al kontinye yon lot misyon nan yon lòt nivo ki depase nou menm imen.

Mapou a tonbe nan pye misyon l. Tankou yon sòlda toujou fèm opòs nan bon kou move tan. Gran Achitèk la te mare randevou ak li nan travay li. Lè Granmèt la ap fè zèv pa l lè li rale vini jwenn li bridsoukou youn nan nou san nou pa atann, nou pa ta kriye non. Men elas ! Nou se kreyati Ki sansib anpil, sitou nou menm Ayisyen. Dlo nan je nou pre…

Mikaben se yon Ewo Nasyonal. Yon ewo nasyonal ki tonbe ak drapo ble e wouj nan kou l sou yon sèn entènasyonal. Se te konsa sa te dwe pase. Menm nan jou lanmò l Ayiti nan te kè l, nan bouch li, nan kou l, nan bra l.

Mika te damou Ayiti. Tout kote l pase se Ayiti l ap selebre. Nou dwe l respè. Nou dwe l lanmou.

Nou dwe venere memwa l pou tout tan gen tan. Leta ayisyen dwe onore patriyòt sa ak yon grad e yon plak postim nan yon seremoni ofisyèl. Yon plak otorite yo ap remèt pitit li, an prezans manman l, papa l, madanm li. Li plis ke merite l.

A byento, konpatriyòt Mika ! Kontinye chante ak selebre Ayiti menm bò kote Granmèt la ! AYITI manman nou bezwen sa jodi a plis ke yè. Pèp Ayisyen an di w mèsi anpil.Mika, mèsi anpil vye frè nou pou yè, jodi a ak demen ! Ayiti pa p janm bliye w. Kenbe la !

Daly Valet

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.