17 oktòb 1806 – 17 oktòb 2022 : 216 zan apre asasina Jean Jacques DESSALINES

0
745

yon tèks Iléus Papillon

Lendi 17 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))–

17 oktòb 1806. Yon dat malouk. Yon dat lawont. Yon dat ki make san. Yon dat ki senbolize siyati kontra lanmò, lamizè ak povrete nou. Yon dat tris. Yon dat dlo nan je. Yon dat konkonbwèt. Yon dat trayizon.

17 oktòb 1806 – 17 oktòb 2022, sa fè 216 lane depi yon gwoup awousa kòn siye, mafya melanje ak tout koulè likid, te rive asasinen Papa nasyon an, Jean Jacques DESSALINES. Aksyon sa temwanye kijan yon kategori moun deside kanpe anfas pwojè sosyete ki chita sou byennèt pou tout moun Anperè a te reve a. Krim sa, jiskaprezan ki rete san pinisyon, san sanksyon epi san jijman an, se espresyon mepri pou lavi moun. Krim sa fè sosyete nou an demare sou yon pedal doulè san fren, san klaksòn epi san retwovizè.

Zak sasinay sou Liberatè pèp ayisyen an montre  kijan yon ekip kriminèl deside plonje Ayiti nan yon basen san depi nan kòmansman konstriksyon sosyete nou an aprè 1804. Se te yon plan byen monte.

Asasina Dessalines antre nan kad yon estrateji byen fisle pou kanpe anfas pwojè koupe fache fas a enperyalis, esplwatasyon moun, kolonizasyon, elatriye.

216 lane apre dappiyanp sa sou Dessalines, pandan n ap komemore dat sila jodi 17 oktòb 2022 a, Ayiti kontinye ap peye konsekans zak lawont sa ki lakòz pèp la toujou rete nan labou pandan kèk grenn moun ap pwofite de tout byen peyi a. Pa gen redistribisyon richès. Pa gen jistis. Nou poko menm rezoud pwoblèm dlo, manje, lojman, edikasyon… Nou pa fouti detèmine ki sa Ayiti ap regle. Se yon sosyete miwomiba ki mande refèt latètopye pou nou pati sou yon nouvo pant.

Jodi a, se responsabilite tout elit yo(elit konsyan yo) pou edike pèp la nan wotè istwa li, kilti li, kosmogoni li pou kreye yon sosyete ki chita sou jistis sosyal, souverènte, libète, travay, pwoteksyon lavi ak byen kote tout Ayisyen va santi y ap viv tankou moun.

Ayiti dwe sispann teren esperimantasyon plan kominote entènasyonal. Nou dwe sispann ak volonte pou nou esklav la, jan Leslie MANIGAT te ekri sa. Nou dwe inisye bon jan batay pou nou chavire sistèm peze souse sa kote chak okazyon, kolon enperyalis yo rive mete kèk maryonèt sou pouvwa pou regle koze yo. Nou dwe sispann kwè desten nou depann de etranje. Ayisyen, nou dwe soti tèt nou nan lojik blan se sovè a. Plan yo se fè nou kwè nou enpuisan pou se etranje ki parèt kòm sèl liberatè.

Pwogrè ak transfòmasyon Ayiti pa makònen ak pwojè kominote entènasyonal rasis la. Ayit bezwen moun pou (re)defini priyorite li pou rive konstwi yon pi bon demen pandan l ap suiv gran liy Zasèt yo te trase suivan listwa li.

Yon Ayiti tounèf.

Yon nouvo kontra sosyal.

Byennèt pou tout moun.

Iléus PAPILLON
Sosyològ

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.