Refleksyon kritik sou entèvansyon kominote entènasyonal la pou tabli lapè an Ayiti

0
1048

yon tèks Mathias Devert

Jedi 13 oktob 2022 ((rezonodwes.com))–

Jodia anpil travay syantifik montre kijan Nasyonzini echwe nan plizyè misyon li antreprann pou lapè  avèk sa yo rele « state building » nan mond lan.

Nan ka pa Ayiti a depi kòmansman ane 1990, òganizasyon an ap f entèvansyon an Ayiti, men jouk jounen jodia, sa yo rele demokrasi, eta de dwa, sekirite rete yon rèv, yon ilizyon.

Li klè jodia ke gen yon pwoblèm nan fason yo abòde sitiyasyon an, paske pandan operasyon yo, ki vle di lè yo prezan, ou gen lenpresyon ke yo atenn objektif yo a, ke tout bagay tounen nan lòd men depi twoup yo ale, lè w gade ou wè sitiyasyon an vin pi malouk.

Kidonk, li enpòtan jounen jodia pou yo atake pwoblèm nan depi nan rasin li.

a) absans yon plan pou ranfòse enstitisyon polisyè a

Nan ka peyi Dayiti, Nasyonzini te toujou kontante li voye sòlda etranje nan peyi a olye yo ranfòse kapasite lokal yo, pou Ayiti  kapab fè fas ak pwoblèm yo pou kont li.

Nan dènye istwa politik peyi Dayiti, yonn nan fwa PNH la te pi efikas, nou kapab di se pandan manda MINUSTHA, paske li te gen ekipman ak teknik pou soutni enstitisyon an nan operasyon li yo.

Sepandan, Nasyonzini pa t panse pou l ranfòse PNH la nan ba li mwayen. Apre depa misyon an, PNH pa eritye anyen nan domèn ekipman ak ekspètiz.

Menm jodi a, fas ak ensekirite ki reparèt sou sèn nan , nou santi nou bezwen èd nan men etranje. Men èske n konnen poukisa? Paske volontèman oswa envolontèman yo te fè chwa pou yo pa bay PNH mwayen pou l kab travay epi akonpli misyon li; sa ki vin  kreye depandans Ayiti ak enstitisyon entènasyonal yo (ONI)

b) absans kontwòl sou orijin zam yo

Nasyonzini, nan misyon li pou tabli lapè an Ayiti pa panse adopte mezi ki efikas a pri ki pi  ba ki e ki mande mwens resous.

Antretyen fòs lame entènasyonal yo koute Lakou Entènasyonal anpil lajan( plizyè milya) pandan ke yo pa anvizaje lòt solisyon.

Ann pran egzanp ka peyi Dayiti, nou tout konnen ke Ayiti pa pwodui ni zam, ni minisyon.

Kidonk nou kapab konkli ke yo soti direkteman nan peyi etranje. Nan ka sa a, peyi zanmi Ayiti yo ta dwe, premyeman, pran angajman pou entèdi nenpòt transfè zam pou rezon prive an Ayiti epi ranfòse kontwòl nan pwòp dwan yo pou evite risk kontrebann.

Sa pral san dout anpeche bandi yo alimante tèt yo epi redwi kapasite nwizans ak rezistans yo. Depi zam anba kontwòl  PNH la, bandi yo p ap gen menm kapasite a ak menm fòs la, yo pral twouve yo nan sitiyasyon feblès. Sa ki pral mete s PNH la nan pozisyon fòs.

c) Atake patwon gang yo

Etid entènasyonal yo montre ke bandi an Ayiti yo pwoteje pa aktè politik ak manm nan sektè prive a. Mwen menm mwen te travay sou yon etid ka ki gen rapò ak Ayiti ak yon ekspè entènasyonal kote nou te rive wè  ensekirite se yon sous pwofi li ye an Ayiti e li konstitiye yon baz pou konsolide pouvwa a.

Kriminèl ki pwoteje pa moun ki plase nan wo nivo a santi yo lejitim nan sa y ap fè yo paske yo gen asirans  lapolis pa gen pouvwa kont yo paske aktè nan sistèm nan pwoteje yo.

Sou sijè sa a, mwen aprann  kominote Entènasyonal la mande pou gouvènman defakto a fè lis aktè ki nan konfyolo ak gang yo an Ayiti. Sa fè m ri paske menm  Entènasyonal sa a dapre done yo ak ankèt ki fèt yo gen non tout aktè sa yo. Apwòch sa a tache ak ipokrizi.

Pi bon bagay pou nou fè si nou vle elimine gang an Ayiti se atake sous yo, bòs yo ak pwotèktè yo. Nou dwe kanpe yo, sanksyone palmantè, minis, biznisman sa yo ki alimante ak kreye nouvo gang pou enterè mesken; sa pral destabilize mache sa a an Ayiti e li pral fòse kriminèl yo fè retrè.

Kidonk sin pa atake patwon yo ,yon fòs lame etranje ap toujou vin an Ayiti, li pral oblije goumen ak gang yo pandan mwa ak ane, apre depa yo menm aktè sa yo pral ame lòt jèn epi sitiyasyon an ap retounen jan li te ye anvan an.

Yon fwa ankò nou dwe atake pwoblèm nan soti nan rasin li.

Politologue Mathias L.DEVERT
MS Politique et Pratique des Organisations Internationales
Sciences Po Grenoble ( France)
mathiasdevert@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.