Larelèv sou chemen : Prezantasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy

0
945

Larelèv sou chemen Sosyete Koukouy |  Prezantasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy

Mercredi 12 octobre 2022 ((rezonodwes.com))–

Prezantasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy

Mouvman kreyòl / Sosyete Koukouy kreye an 1965, nan kontèks deba sosyopolitk epòk la, ant patizan ideyoloji lengwistik fransè ak patizan ideyoloji lengwistik kreyòl. Apre anpil refleksyon  ak konsiltasyon, Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou) ak Pwofesè Henri Claude Daniel (Jan Tanbou), Doktè Fritz Guillaume, fanm kou: Lucie Bayas (Idalina) epi Maryse Hyppolite, yo te tabli yon nouvo òganizasyon kiltirèl nan Pòtoprens. Yo te rele li Òganizasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen.  Gwoup sa a te pran desizyon rantre nan batay anba labànyè lang kreyòl epi kilti popilè a.

Òganizasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy (2022) genyen yon total 10 branch nasyonal epi entènasyonal. Men baz Sosyete Koukouy yo : Ayiti nan Santo, Ayiti nan Dèlma, Arab Ini, Kanada, Boston, Miyami, Konektikèt (gen 2 branch), Jòjya epi Kiba. Li rasanble yon trantèn   ekriven konsa, nan mouvans yon nouvo Endijeniz literè kreyòl.  Men non plizyè ladan yo:

Anglade Pascale Millien-Faustin, Pierre Anglade, Bauduy Robert (Loko Basiye), Brézault Kesler (Keslèbrezo), Daniel Gary S. (Nèg Gonbolyen), Daniel Henri Claude (Jan Tanbou), Denis J.M.W. (J. Mapou), Désiré J. Robespierre, Dorcely J. Dédé, Dorelus Orso Antonio, Durandisse Henri Robert, Eugène Manno (Papiyon Nwa, Manno Ejèn), Exavier Marc, Férère Gérard (Kaptenn Agwe), Guignard Mercédes (Deyita), Hyppolite Michel-Ange (Kaptenn Koukouwouj), James Francisque, Jean-Baptiste Anivince (Tivens), Jean-Pierre Julio, Joseph Christophe (Dyo Alèlè), Justin Raymond, LamourYvon, Large J. Robert,  Manigat Angelucci, ManigatMax, Médard Jean-Yves (Rassoul Labuchin), Mégie Émile Célestin (Togiram), Morisseau-Leroy Felix, Noël Lochard, Papillon Iléus, Pardo André (Bob Lapierre), Pierre Jérôme Lunine, Pierre Jobnel, Placide J-Robert Duré, Restaino Gérard, WainwrightFrantzKiki (Palmannò), Zamor Douglas (Dou’Z), Lydie Bruno, Sherley Louis, Sandy Larose.

Vizyon

Rasin travay ekip Mouvman Kreyòl / sosyete Koukouy la pran fòs li nan travay Jean Price-Mars, La Vocation de L’Èlite (1959). Doktè a denonse « Bovarysme culturel » lelit  ayisyen an ki se yon « sekwa » kiltirèl epi ekriven an mande lelit politik, ekonomik ak entèlektyèl ayisyen yo, pou yo rete Ayisyen.

Konsa, fas ak yon sosyete ayisyen ki devlope yon sekwa kiltirèl, kolektif ak yon ideyoloji ki favorize lang ak kilti fransè / frankofòn, Mouvman Kreyòl / Sosyete Koukouy devlope yon «nouvo endijenis an evolisyon» ak yon ideyoloji ki an favè lang ak kilti kreyòl nan enterè popilasyon an.

 Misyon

Asire defans ak pwomosyon lang ak kilti pèp ayisyen an yon fason pou nou ede tout Ayisyen rive rekonsilye ak pwòp tèt yo.  (paj 31) [an fransè : lancer l’homme haïtien à sa redécouverte (J. Tanbou, p. 31) Pou nou rive genyen yon sosyete ayisyen ki aksepte rekonèt pwòp tèt li.

Deplòtonnen prensip ekritman Mouvman kreyòl la ki chita sou yon baz operasyonalis. (Pyè Banbou, Kaye Kreyòl nimewo 3, p. 69). Pou nou rive genyen yon vrè literati nasyonal endijèn popilè kreyòl, an kreyòl, pou yon pèp kreyòl.

Reyalizasyon ak pèspektiv

Gwoup ekriven Sosyete Koukouy yo ranmase nouvo endijenis la ak tout pwogram operasyonalis literè Mouvman Kreyòl (1965-1969) la. Nan lide pou nou bay literati kreyòl la prestij, pou nou oryante li, epi pou nou devlope yon tradisyon kritik kreyòl, nou pibliye yon enstriman kritik : Pawòl kreyòl: Revi Literè Sosyete Koukouy, premye revi literè kreyòl, an kreyòl, pou literatè kreyòl.

Nou Kreye divès fòm pwezi : Pwezi ritmik (Pyè Banbou), Pwezi wongòl : (Pyè Banbou, Raoul Denis, Robert Beauduy,1967), Pwezigram (Jan Mapou), pwezi fantezi (Jan Mapou, Kiki Wainwright, Janjan Désiré, Ti Wawa Goulo), pwezi syantifik / matematik (Josaphat Robert Large), Pwezi toyandaki (Max Manigat), pwezi fragmante (palindrome), pwezi tokay (palimseste Manno Ejèn), pwezi litani (Kiki Wainwright), pwezi marasa twa (Jude Jean-François), pwezi lomeyans (Kesler Brézault), pwezi sonò, pwezi danbala (Douglas Zamor), Pwezi  Zwing (Dede Dorcély), Pwezi anwoule (Manno Ejèn), Pwezigòl ( Gary S. Daniel), Pwezi-mat-filo (Sandy Larose)

Nou pwopoze divès pyès teyat : Jan mapou, Kiki winwright, Ernst Julméus (Degoutan). Nou pwopoze kont literè : Moriso-Lewa, Pascale Millien Faustin, Kiki Wainwright. (Nou pwopoze yon « nouvo kreyolizay» (Manno Ejèn). Nou pwopoze yon nouvo refleksyon filozofik (J. Francisque). Nou pwopoze yon nouvo branch literè ki se « filoralite kreyòl» (Kesler Brezault, Lydie Bruno).

Kounye a, an 2022.

Lang kreyòl ayisyen ap pete plafon. Pwodiksyon fètefouni nan divès domèn fè kenken (nan literati, mizik, matematik, syans sosyal, teyat, pwodiksyon medyatik: radyo, televizyon, jounal ekri.). Ofennkont, lang kreyòl ayisyen an ap layite kò li toupatou.

Konsta nou fè montre depi kèk tan, Le Nouvelliste kòmanse entegre atik kreyòl nan seksyon kiltirèl li, travay sa a vin pran plis jarèt ak prezans yon pitit Sosyete Koukouy, Anivince Jean Baptiste ki jwe wòl pijis nan pi ansyen kotidyen peyi Ayiti a. Yon lòt bò, Le National te deja lanse yon ribrik an kreyòl ki rele Chalmas depi ane 2016 (se ankò yon pitit Sosyete Koukouy, Iléus Papillon epi Euphèle Milcé ki te prensipal otè ribrik sila.) Gen divès lòt jounal an liy ki pibliye atik an kreyòl tou: Le Tambou Info, Juno7, elatriye.

Pa gen okenn voye wòch kache men ankò. Nou anfas yon reyalite ki depase nou. Lang kreyòl ayisyen an abite kotidyen tout Ayisyen. Jodi a, lè nou ap pale devlòpman ak evolisyon lang kreyòl nan kilti ak literati ayisyen an, pèsonn pa ka mete akote kontribisyon Mouvman Kreyòl Ayisyen (MKA), yon veritab gadyen patrimwàn kiltirèl peyi Ayiti.

N ap raple, se nan yon peryòd bout fè Mouvman Kreyòl Ayisyen (MKA) pran nesans nan ane 1960 yo ak kèk gran figi literè tankou Jean Willer Denis (Jean Mapou), Pwofesè Henry Claude Daniel (Jean Tanbou ki mouri nan prizon Fort Dimanche), Dr Ernst Mirville (Pyè Banbou), Émile Célestin Mégie (Togiram), Félix Morisseau Leroy, Mercedès Guignard (Déita) Manno Ejèn (Papiyon Nwa) … Pi devan, anpil lòt figi ta pral monte bato a. Nou panse ak Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj), Jean Robert Duré Placide, Lochard Noël, Kiki Wainwright, Gary S. Daniel, Jobnel Pierre, pou nou site sa yo sèlman.

Plis pase 50 lane apre kreyasyon MKA ki ta pral akouche Sosyete Koukouy, gen divès jèn ki deside suiv travay Mouvman sila a. Li klè, an Ayiti, se Sosyete Koukouy Santo 6, sanba Jean Dédé Dorcely ap dirije , epi Sosyete Koukouy Dèlma, ki pral pèmèt divès jèn fè konesans ak Sosyete Koukouy an Ayiti.

Nan atik sa a, n ap prezante yon ekip boujon, jèn vanyan ki sou wout larelèv Mouvman Kreyòl Ayisyen (MKA) / Sosyete Koukouy. Nou deside kanpe diferan jèn sa yo, prezante travay yo epi pèmèt yo reponn 2 kesyon: Ki jan yo te kwaze Sosyete Koukouy? Ki sa Sosyete Koukouy reprezante pou yo ak pou sosyete a?

Men yon premye lis jèn ki deside pran larelèv nan suiv tras Sosyete Koukouy. Yo deside pote ideyoloji Mouvman Kreyòl Ayisyen epi kontinye klere nan fènwa. Bò kote jenn ki poko pibliye liv an kreyòl, nou ka site jenn boujon tankou: Pwofesè Sandy Larose, Pwofesè Jobnel Pierre, Hugline Louis, Jerry Jean Claude, Jocelyne Pierre, Michelle Saint-Félix. Gen divès lòt ki deja pibliye pou pi piti yon liv an kreyòl. Pami yo, nou jwenn: Anivince Jean Baptiste, Iléus Papillon, Orso Antonio Dorelus, Sagesse Messerne, James Francisque, Frantzley Valbrun, Lovenick Pierre-Louis… pou nou site sa yo sèlman.

Anivince JEAN-BAPTISTE

Anivince Jean-Baptiste fèt nan Depatman Nòdwès. Li se yonn nan powèt ak chèchè ki pi enpòtan nan jenerasyon pa l la nan sa ki gen pou wè ak literati kreyòl. Tivens se dizè, chèchè nan kesyon literati kreyòl, inisyatè epi koprezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, manm fondatè Tanbou-Literè ak Observatoire Patrimoine. Anivince se yon pwomotè wòtpòt literati kreyòl Ayiti ak Karayib la. An 2018, GRAHN-Monde salye li ak  » Prix d’Excellence de la littérature créole« . An 2021, Jeune Chambre Internationale kouwòne li kòm yonn nan dis (10) jèn ki pi remakab an Ayiti. An 2017, li resevwa envitasyon Miami Dade College pou yon konferans sou literati kreyòl ayisyen.

An kreyòl, li pibliye: Fou nan souf Woutfrè(2015);  Mo bosal(2010) /  De bò goch(2014); Zokanzo(2017); Dat(2022)

Orso Antonio DORELUS

Fèt Gonayiv, Latibonit Ayiti. Li se manm Tanbou-Literè, Sosyete Koukouy Ayiti. Li pibliye divès atik literè ak syantifik an kreyòl. Li pibliye  Fleriz, 2014.

Douglas Zamor fèt nan vil Pòdepè nan lane 1989. Li etidye Sosyoloji nan Fakilte Syanzimèn, nan Inivèsite Leta Ayiti. Li se manm plizyè òganizasyon oubyen asosyasyon kiltirèl nan peyi a, pami yo Sosyete Koukouy.

Li rankontre Sosyete Koukouy palantremiz Tanbou-Literè, yon estrikti li te prezide apre Anivince Jean-Baptiste.

Douglas Zamor se yonn nan kreyolis, powèt ki goumen bò kote manm Tanbou-Literè yo ak Sosyete Koukouy pou reveye konsyans popilasyon ayisyen an sou pwoblèm idantite k ap ravaje zantray li. Li bay anpil fòmasyon ak konferans sou literati toupatou nan peyi a sitou avèk toune li a ki rele «Alarive Douglas Zamor».

Li deja pibliye 4 liv pwezi an kreyòl:

TCHÒK. Atelye Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK), Pòtoprens, 2017.

MANMAN PENMBA. Atelye Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK), Pòtoprens, 2018.

Balendjo : revolisyon men goch. Atelye Regwoupman Ekriven Kreyòl, Pòtoprens, 2019.

LABOULÒK. Koleksyon Pyè Banbou, 2022.

N.B. Powèm Danmbala, lanmounite, revolisyon men goch se konsèp ak ekpresyon Douglas Zamor envante pou li atrape yon ansanm reyalite ayisyen.

Frantzley VALBRUN

Frantzley Valbrun alyas Konpè Konsèy se ekriven, powèt, komedyen de fòmasyon ak  jounalis ayisyen. Anplis, l ap etidye Antwopo-sosyooloji nan Fakilte Etnoloji nan Inivèsite Leta Ayiti. Li fèt komin Vèrèt (Dechapèl) nan depatman Latibonit epi li grandi Tirivyè Latibonit kote manman li moun. Manm Mouvman popilè lakou, li se pòt pawòl Sosyete Koukouy Ayiti nan Santo 6

Nan lane 2017, li pibliye Makòn dan, (Pwezi,) nan enprimri SIMO epi an 2019 li rive pibliye  Kolye an denmon nan edisyon Florezon. Ane 2022 an, li resevwa pri pwezi Kreyoliti. Li se manm Kalbas Ayiti, CLIHA, Konbit Atizay.

Sagesse MESSERNE

Sagesse Messerne fèt Senmak, Latibonit Ayiti. Li se manm Sosyete Koukouy Ayiti, manm fondatè Tanbou-Literè. Sagesse ap milite nan zafè Ekoloji an Ayiti depi kèk tan. Li pibliye yon liv an kreyòl: Gout rèv, 2016.

 Selauter BEAULIÈRE

Selauter Beaulière se kominikatè, anseyan (lèt), operatè kiltirèl, prezidan Sosyete Koukouy Santo, responsab Sant Kiltirèl Dédé Dorcély, ekriven. Orijinè Tiyapon (Petit-Harpon), trèzyèm seksyon kominal Leyogàn. L ap evolye nan sektè kiltirèl la depi 2009, lanne li rejwenn Sosyete Koukouy Ayiti Santo, li travay plis sou Kwadèboukè. Li ekri an Fransè ak Kreyòl.

Selauter deja pibliye 3 liv, pami yo, yonn an kreyòl ki se: Ayiti bab pou bab ak zonbi. (Ayiti anfoukoufyak) (2015).

Iléus PAPILLON

Iléus Papillon wè jou Pòmago, Nò Ayiti. Li gen yon lisans nan Sosyoloji ak yon Metriz nan Patrimwàn bati. Iléus se ansyen bousye gouvènman kanadyen. An 2017, li te fè staj etid li nan inivèsite Laval, Québec, Canada.

Iléus Papillon se yonn nan jèn ki pi remakab nan koze literati nan peyi Ayiti, selon Jeune Chambre Internationale. Li resevwa yon dividal pri literè. Iléus Papillon se manm Sosyete Koukouy Ayiti, depi ane 2009. Li se manm fondatè Tanbou-Literè, Observatoire Patrimoine, Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK), elatriye. Koprezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl. Iléus Papillon pibliye anpil atik nan plizyè jounal an Ayiti tankou lòtbò dlo. Li se yonn nan premye jounalis ki kòmanse piblikasyon tèks kreyòl nan jounal Le National an 2017 bò kote Jean-Euphèle Milcé. Iléus Papillon konsidere Sosyete Koukouy kòm dezyèm fanmi li.

Lis piblikasyon Iléus Papillon an kreyòl : Tribòbabò (Pwezi) ; Sèt priyè lari (Pwezi); Sèt kle pou louvri letènite (Nouvèl); Chimen dekoupe (CD pwezi)

James FRANCISQUE

« James Francisque se yon ekriven ayisyen k ap milite nan domèn literati anba yon banyè nou rele kreyolis demateryalis sentetik. Se yon mannyè pou nou diferansye nou ak kouran kreyolis k ap dodomeya nan jaden loksidan. Fenomèn kreyòl la se yon pwosesis maranday ak rankont plizyè lang, kilti ak sivilizasyon, pa fouti byen chita tèt li si li pa deplòtonnen sou yon dyalektik demateryalis sentetik. Sa nou rele dyalektik demateryalis sentetik la, se yon alevini nan lavi moun yo, k ap penmèt yo demateryalize tèt yo pou rantre nan zòn sibtil, enèjetik ak envizib ki gen nan kosmòs la. Dimansyon sibtil sa pral deplòtonnen yon pouvwa kreyasyon nan sans natirèl ak kosmik lavi a pou byen marande latriye chan senbolis yo. Sitou, nan yon demach libète ontolojik. Tout konsiderasyon sa yo, penmèt nou di, demach kreyolistik ayisyen chita sou sa nou rele yon filozofi somatik k ap lonnen yon lòt pwojè mounite/ontolojik, kosmogonik ak epistemojolik. Boutofen, pwojè ekriti mwen an anonse yon lòt kouran literè ak filozofi ki bwè dlo nan ideyal seremoni bwa kayiman.

Nou te derape pwojè sa, nan lanne 2019 avèk edisyon Freda ki te soti yon esè pou mwen ki rele Manifѐs kreyolis. Touswit apre, nan lanne 2020 nou te pral soti yon kont ki rele Kach kach liben nan edisyon Lanbi, plis yon rekèy pwezi nan edisyon Rasin lakay. Malgre, m pa konn devni tèks la. Pou lanne, 2021 an, Edisyon Lanbi te pral anonse soti Atlantid, ki se yon pwezi pou mwen. Ankò m pa konn kote li pase. Nan fen lanne a pou rantre 2022, edisyon Freda te pral soti Nan wout pou yon filozofi Ayisyen.  Nou te soti yon atik tou nan revi Dokreis sou demach filozofi Ayisyen an.

Nou kwaze ak sosyete koukouy apati Santo 6 nan sant kiltirèl Dede Dorcely. M t ap frekante sant lan depi nan lanne 2010 avèk Hugues Mondésir. Apre, m fin lanse premye tèks mwen, m te vin rankontre ak Manno Ejèn. Rapwochman pral deplòtonnen plis jouk li vin bay entegrasyon total nan sosyete koukouy kote m te vin chwazi kòm apranti nan biwo santral. San kite dèyè ekip Kanada ki toujou ap voye je sou mwen. Nou te fè plizyè rankont travay nan nesesite pou entegre travay filozofi m ap deplòtonnen sou Ayiti a ta vin yon branch nan sosyete koukouy.

Sosyete Koukouy se gadyen patrimwàm imateryèl peyi a nan zafè lang ak kilti. Mwen konsidere travay mwen yo kòm yon pwolonjman travay manm Koukouy yo. Pou mwen, se youn nan pi gwo enstitisyon ki te rive mete tout nanm li nan batay popilè ayisyen pou li konsève patrimwàn popilè a. Menm si, travay Koukouy la manke vilgarize nan tout peyi a, prezans li enkontestab sou teren literè a. Mwen se yonn nan moun ki ap klewonnen pou Sosyete koukouy reyalize yon gwo wonmble sou anviwon 50 tan esperyans ak batay yo mennen pou lang ak kilti ayisyen an. Se apati wonmble sa a pou yo fè bilan esperyans lan epi defini pèspektiv pou 50 lanne ki ap vini apre yo. »

Lovenick PIERRE LOUIS

Lovenick Pierre Louis fèt 31 desanm 1991 nan komin Lachapèl depatman Latibonit. LI grandi nan komin Akayè. Li etidye Relasyon entènasyonal diplomasi kote li gen yon lisans epi li swiv plizyè fòmasyon nan kominikasyon, fòmasyon sou jesyon bibliyotèk. Lovenick se powèt ekriven. Li genyen omwen senk (5) atik jounal Le Nouvelliste ak Plimay ekri sou zèv li yo.

Li pibliye plis pase 8 liv deja. Pami yo, gen senk (5) ki an kreyòl. Meli-Melo (2012); Sezon Makrèl. Edisyon Solèy, 2016; Tèt San kò. Edisyon Solèy, 2017; Anba Jipon. Edisyon Solèy, 2018.

Lovenick te fè konesans ak Sosyete Koukouy nan lane 2014. Yon zanmi li nan Santo te envite l al swiv yon aktivite teyat epi li te jwenn chans fè konesans ak Samba Dédé. Depi lè a Lovenick Pierre Louis pa janm kite Sosyete Koukouy yon may.

Pou li, Sosyete koukouy reprezante yon patrimwàn tout Ayisyen kèlkeswa kote yo ye a ta dwe konnen. Se yon Sosyete k ap goumen pou byennèt moun ki itilize langaj literè a pou fè mesaj la pase.

Jan adaj la di a « Chak moun responsab sa k ap pase nan epòk li t ap viv la ». Ebyen Sosyete Koukouy se yon miwa pou sosyete a. Li pèmèt tout kouch nan sosyete a fè sa yo kapab pou yo bay kontribisyon pa yo nan (pou) bon fonksyònman li.

Konklizyon pasyèl

Boutofen, se premye kowòt (jèn) otè, pou sa nou deja jwenn plis detay sou yo apre ane 2000, k a pote flanbo Sosyete Koukouy toupatou sou latè atravè zèv yo, konferans, festival, kozri, emisyon, elatriye..

Avan lontan, nou va pibliye dezyèm kowòt jèn ki deside pran larelèv pou pèmèt Sosyete Koukouy kontinye klere nan fènwa.

Iléus PAPILLON

Manm Sosyete Koukouy ak Observatoire Patrimoine

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.