Ayiti – Kriz | Fran mason ki nan Club Hiram Haïti yo di mo pa yo : « Malediksyon pou sila ki gen pou pran responsabilite l ki pa pran l »

0
13900

NÒT

Club Hiram Haiti se yon òganizasyon ki regwoupe plis pase san (100) frè ak sè nan depatman Nò, Nòdès ak Latibonit ki soti nan plizyè lòj ak obedyans diferan.

Pou rapèl fran masonri se yon òd ki chita sou twa pilye ki se : filantropik ,filozofik ak ezoterik. Se sou aspè filantropik la nou baze apwòch nou jodi a, pou nou di non ak sa k’ap pase nan sosyete a.

Jodia, nou mete tèt nou ansanm pou yon lòt Ayiti. Nou pwofite moman sa pou nou plase mo pa nou sou kriz  politik, ekonimik ak sosyal peyi a ap konnen depi kèk lane.

 Frè nou yo tankou Dessalines, Christophe , Petion  elatriye… pa te sakrifye yo an ven pou te bay nou libète epi rive fè nou yon nasyon ki gen yon bèl istwa epi nou se premye pèp nwa ki lib.

Lè nou konsidere, ensekirite kap fè ravaj nan tout rak kwen nan peyi a.

Lè nou konsidere, zak asasinay kap fet chak jou sou pitit pep la ki pa janm ka jwenn jistis.

Lè nou konsidere, okenn limyè pa janm fèt jis konya sou asasina malonèt  prezidan Repiblik la depi 7 Jiyè 2021 anndan lakay li .

Lè nou konsidere, feblès ki gen genyen nan tout enstitisyon sosyal ak politik nan peyi a.

Lè nou konsidere, enjerans ki genyen nan pi wo nivo leta ak yon premye minis defakto ki pa gen okenn manda lejitim .

Lè nou konsidere, desizyon degrenn gòch , antipèp  premye minis defakto Ariel Henry ap pran tankou : ogmantasyon pri a gaz la a 128 %

Lè nou konsidere, echèk MENFP sou ouvèti lekòl la, pòt lekòl toujou fèmen  yonn nan enstitisyon nòb k’ap patisipe nan konstriksyon levasyon sosyete a .

Lè nou konsidere, ane jidisyè a ki pa rive louvri nan dat 3 oktòb la jan sa te prevwa.

Lè nou konsidere, dezyèm lendi mwa Janvye 2023, 10 grenn senatè lejitim ki rete yo dwe ale,e jis konnya pa gen anyen ki di sou koman palman an pra’l remanbre’l.

Lè nou konsidere, konstitisyon peyi a, ki bay priyorite ak twa gran pouvwa : ekzekitif , lejislatif , jidisyè ki a disparet tankou absans jij nan lakou kasayon.

Pawòl la di : «  malediksyon pou sila ki gen pou pran responsabilitel ki pa pranl »

Se pou sa nou fran mason ki reyini nan Club Hiram  nou konstate peyi a gentan tonbe nan yon katchouboumbe paske pèp la pa dako poul’ rete nan ensekirite telegide sa. Tout lopital fèmen sa lakòz anpil moun, ti moun tankou granmoun, ap pèdi lavi yo chak jou, Kolera anba pye nou, la mizè ap taye banda, pri tout kalite prodwi  ap miltipliye chak  jou ,toupatou se gang  ak zam, kap teworize popilasyon an sou tout fòm , zak kidnapin, anlèvman ak trafik moun, ap vale teren nan tout rak kwen, sitou sou fwontyè Ayiti ak Sendomeng.

Souverènte nou menase, yon semen apre ekip koronpi yo te fin deklare tout bagay sou kontwòl, se menm yo menm konya kap mande entèvansyon militè etranje.

Apre tout konsta sa yo nou reklame :

  1. Yon chanbadman nan sistèm peze souse sila kap peze kou nou ;
  2. Retrè sou desizyon ki mande koupe sibvansyon sou pri gaz la ak 1,50 dola sou transfè ;
  3. Retrè prese prese sou demand entèvansyon fòs militè etranje sou teritwa nasyonal la ;
  4. Depa san kondisyon premye minis defakto Ariel Henry ak tout ekip ki sou pouvwa ;
  5.  Yon konsèy Gouvènman ki reprezante tout kouch nan sosyete a pou òganize eleksyon kredib, onèt e demokratik ;
  6. Retou a lòd konstitisyonèl,yon mannyè pou 3 pouvwa yo kanpe djanm ;
  7.  Retabli sekirite nan tout peyi a, pou pèmèt tout moun kapab reprann aktivite yo ;
  8. Ouvèti lekòl la nan yon dat ki  pa twò lwen.

Okap, Samdi 08 Oktòb 2022 .

SIYATI:

NON ak SIYATI /  Resp.’. L.’.  

 Wilgens ETIENNE, Vénérable Maitre ;Berceau d’Oge #5, Quartier-Morin

Wilson PREVAL, Vénérable Maitre ; Etoile de l’Orient # 70 Cap-H

Adlain PIERRE, Vénérable Maitre ; Bassin de Jacques# 24 Plaine-du-Nord

Philome JEAN PHILIPPE ; Fils du Soleil #4, Baudin

Peterson JULES ; Acacia #7, Cap-Haitien

 Wedson DANIEL ; Etoile de l’Orient # 7, Cap-Haitien

Edisson SAINT- FLEUR ; L’Haïtienne # 6 Cap-Haitien

Yves-Laure Severe ; La Concorde #1

Frantz Mirtho DORVIL ; Guacanagaric #5 Fort- Liberté

Gethro DENIS ; Fils du Soleil #4 Cap-Haitien

Bertude JEAN ; Etoile de l’Orient # 7 Quartier-Morin

Rooobins JOSEPH ; La réunion des Cœurs # 2 Fort-Liberté

Nicodeme ALMONOR ; L’Haitienne #6 Cap-Haitien

Fredely JOSEPH Fils ;  Parfaite Harmonie #3, Quartier-morin

Oliver Beiroph  PETIT FRERE ; Parfaite harmonie # 3 Quartier-Morin

Steve PIERRE; Fils du soleil #4 Baudin

Dudeley CHERY; Berceau d’Oge #5 Quartier-Morin

Olwey JEAN; Louis Claude Saint Martin#9, Ouanaminthe

Arens LAMERDIEU ; Berceau d’Ogé # 5, Quartier-morin

Rultz BIEN-AIME ; Fils du Soleil #4, Baudin

Jean-Luc BELL ; Jerusalem #38, Cap-Haitien

Tabou Junior;  Etoile de l’Orient # 07, Quartier-Morin

Pierre Florekendy  ; Etoile de l’Orient #70, Cap-H

Micardo VREUS ; Parfaite Harmonie #3, Quartier-Morin

Dieudonné James ; Renaissance#6, Orient de Baudin

KÉROLLÉ Chassagne ; Fils l’Haïtienne #6, Cap-Haitien

Daniel ÉTIENNE, Vénérable Maitre ; L’arche de Noé #22, Orient de Santiago

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.