Nòt pou laprès
Pòtopwens 10 oktob 2022 ((rezonodwes.com))–
Estrikti Nou Pap Konplis salye laprès la jeneralman ki pa janm fatige nan batay pou fè boujonnen demokrasi a andan peyi nou.
Estrikti Nou Pap Konplis pwofite okazyon sa pou l felisite tout moun ki kontinye kenbe flanbo mobilizasyon an e tou pwofite senpatize l ak tout fanmi ki viktim nan mobilizasyon k ap fèt nan 4 kwen peyi a,pandan li deplore anpil biznis ki piye oubyen kraze akòz anpil manb nan popilasyon an ta anvayi yo.
Aprè dènye diskou tèt anba PM defacto Ariel Henry fè mèkredi 5 oktob la, Nou Pap Konplis rete kwè se yon Premye minis ki fè ave echèk gouvènman l ap dirije a, li enkapab e li echwe.PM Ariel Henry montre li se yon amatè k ap kondi yon bak peyi a san l pa konn kote l prale, Ariel Henry pale san di anyen ki pou reponn ak revandikasyon pèp la.
Tout moun te atan PM defakto a ta pral vin di popilasyon an ki sa l ap fè pou gaz la ki bloke a , sou pri manje yo k ap grenpe bwa,sou lajan ameriken an pèp la mande Ki pou tounen nan mezon transfè yo, dola 50 senkant lan dyaspora mande ki pou sòti sou frè transfè yo, kilè dezameman gang yo pou moun gransid ki pral nan 2 lane depi se nèg ak zam k ap feraye san konte wout nò ak kwadèboukè ki prèske enpratikab.
Ebyen PM defacto Ariel Henry se èd militè etranje lite vin mande nan yon kontèsk kote tout peyi a di non ak okipasyon militè akòz ilejitimite ak enkapasite Ariel Henry pou l mate kriz la.
Nou Pap Konplis kwè gwo leve kanpe kifèt lanwit 6 pou rive 7 oktòb nan tout peyi a se yon prèv aklè Ariel Henry se yon iritan pou solisyon kriz la, kidonk manèv ak dilatwa p ap ka ede zanmi l yo nan entènasyonal la ki poko janm konpran ke popilasyon an nan tout peyi a ki di yo pa vle Ariel Henry ankò.
Nou Pap Konplis voye jete demand militè gouvènman gouvènman Ariel Henry pran pou angaje peyi a, n ap raple kominote intènasyonal la PM defacto a ak tout minis li yo, pa gen ni lejitimite, ni otorite pou angaje peyi a. Nou deklare dokiman sa a nil e li pa angaje pèp Ayisyen.pandan nou rete atache ak yon prensip konsansyel sou yon demand task fòs espesyal ak peyi zanmi yo pou konbat fenomèn ensekirite a, pandan nou kwè nan yon apwòch konsansyel pou rezolisyon kriz politik la.
Tout desizyon entènasyonal la ap fè pou enpoze peyi a ak yon fòmil a PM defakto Ariel Henry p ap bay rezilta e y ap fèk kontinye wè pèp ayisyen an kanpe anfas soliszyon bout mamit sa yo, tout desizyon k ap pran pou pèp ayisyen an dwe pran an kolaborasyon ak tout fòs viv peyi a.
Pou n fini Nou Pap Konplis kwè revandikasyon yo dwe kontinye, batay pou chanjman ka pran tan, men revandikasyon yo se sèl zam demokratik nou genyen pou m di non ak tout mezi enpopilè, antidémocratique ki sèl fason pou n kontinye bay jarèt ak jistis sosyal la andan peyi a.
Pou otantifikasyon nòt sila:
Pòtpawòl:
Jonathan Renois
Ricardo Fleuridor