26 septembre 2025
Anpil sendika transpò di se trayizon, aksyon Ariel Henry ki mande lame blan debake ann Ayiti
Actualités Kreyòl Société

Anpil sendika transpò di se trayizon, aksyon Ariel Henry ki mande lame blan debake ann Ayiti

SECTEUR TRANSPORT TERRÈSTRE HAITIEN (STTH)

Nòt pou la PRESS
Sou desizyon ki pran nan konsey Minis 6 oktob 2022

Date: 9oktob 2022

Sektè Transpò Terès Ayisyen (STTH) ak lòt sendika transpò tankou (APCH), (SCPVBA), (FENATRATH) ap salye kouraj ak detèminasyon pèp Ayisyen an ki kenbe flanbo mobilizasyon an depi plis ke 4 semèn pou fòse gouvènman Ayisyen an tounen sou desizyon kriminèl pou monte pri gaz la plis ke 128% pandan yon dola ap pete fyèl goud la a 140 goud pou yon dola.

Nou kondane desizyon gouvènman premye minis Ariel Henry a pran pou mande pou solda etranje vinn foule sol papa Desalin nan, ke nou kalifye de trayizon, pandan pèp la ap mobilize pou mande yon pi bon kondisyon lavi.

Jodi a sekirite se premye revandikasyon tout moun, gouvènman Ariel Henry a ap tolere bandi a sapat tankou bandi a kòl, mete kawo ak latroublay nan peyi a pou jistifye yon okipasyon ak entèvansyon yon fòs etranjè nan peyi a.

Li pat janm fè Polis Nasyonal Dayiti a ak Fòs Lame a yon priyorite, ni bay polisye yo yon meyè trètman ak akonpayman nesesè pou akonpaye, pwoteje ak sevi popilasyon an.

Nou kondane konpòtman Gouvènman an ki pa fè apel ak sajès pou tande vwa pèp Ayisyen an ki nan lari a, men ki pito mande èd entènasyonal pou solda etranje vinn ede l.

Nap mande popilasyon an pou kenbe mobilizasyon an byen wo pou kontrekare tout okipasyon degize. Desten pèp Ayisyen an nan de pla men l. Vwa pèp se Vwa Bondye.
Sendika Transpò tankou Sendika travayè ap kontinye mobilize pou revandikasyon pèp Ayisyen an respekte.

VIV AYITI, VIV BATAY MAS PÈP LA, VIV BATAY OUVRYE YO, VIV BATAY SENDIKA YO

Pou otatifikasyon:
MÉHU CHANGEUX
Kòodonatè Jeneral STTH Tel:(+509)37055114

PETRUS EUSTACHE LERICE
Administratè APCH Tel:(+509)37153873

MURAT AUGUSTIN
Prezidan SCPVBA Tel:(+509)36242370

JEAN FRITZ CONSTANT
Prezidan FENATRATH Tel:(+509)34350816

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.