Samdi 8 oktòb 2022 ((rezonodwes.com))–
Konze yo !
Mezanmi Konze yo livre peyi a. Sa m te pè ki pou pa rive a, finalman rive. Depi plis ke 10 lane m ap mande pou n fè yon Dyalòg Nasyonal pou nou refonde nasyon an ant nou. Lontan sa m wè peyi a sou chimen efondre ak tout enstitisyon li yo.
Siy anonsè yo te la. Ak Dyalòg Nasyonal la, se pitit tè a ki ta pral poze ak chache rezoud tout pwoblèm tè a ant nou. Elas ! Elas ! Elas ! Mwen t ap preche nan dezè. Apatrid yo, antinasyonal yo, vandè patri yo te pi fò, yo te pi plis nan peyi a ak nan tèt li. Nouvo Konze yo livre peyi a yon lòt fwa ankò.
Tout yon gouvènman siyen pou yon lòt Okipasyon etranjè. Pa gen youn ladan yo ki gen yon santiman patriyotik pou demisyone e ki pou di non.
M ap tann nasyonalis antidominiken yo montre yo pa fo nasyonalis bò katedral. M ap tann yo denonse gwo zak tretriz sa, krim Wot Trayizon sa ekip Ariel la poze kont nasyon an. M ap rete tann figi minis Levasyon nasyonal ak minis Spò ak Edikasyon Sivik ki pral mande timoun chante im nasyonal desalinyen an. M ap tann yo k ap chante im nasyonal sa nan seremoni ofisyèl yo. Sanble jenerasyon politisyen sa ki kidnape gouvènay peyi a manke plis karaktè ak diyite ke jan nou te ka imajine l. Moun yo pa vrèman moun.
Patriyòt yo, Rezistan yo, batay la pran yon lòt dimansyon. Blan yo ap vini pou kenbe estatikwo a, pou kenbe menm sistèm peze souse ki lage pèp ayisyen an nan mizè pèpetyel. Yo konplis nan kalamite nou. Revandikasyon pèp la pou yon lòt sistèm riske anterere fon anba tè pou yon lòt jenerasyon ankò. Se politik kaka bèf anwo sèch anba mouye Blan yo ap vin egzekite ak ekip sèvitè Konze yo mete nan direksyon Leta a. Fasad la ap parèt nòmal pandanstan anba anba sistèm lan ap rete pouri tennfas.
Patriyòt yo ki ap goumen pou Nouvèl Ayiti yo, Konze yo gate batay la nan men nou. Batay la vin pi konplike, defi yo vin pi plis. Menm si lènmi nasyon yo vin pi vizib. Nou pral oblije defini lòt dyalektik konba anfas okipan yo, anfas Konze yo. Viktwa ak pwogwè se pou pèp vanyan ki konn goumen san pran souf pou tout sa l vle.
Daly Valet
8 Oktob 2022